Plizyè bandi tonbe anba bal Lapolis ayè lendi a nan tomasen

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
plizyè bandi tonbe anba bal lapolis ayè lendi a nan tomasen

Ekip kominikasyon Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) a fè konnen, nan yon operasyon lapolis te lanse dimanch ki sot pase a nan wotè Petyonvil, sitou nan lokalite Tomasen. Plizyè moun ki te prezante kòm bandi yo te sispèk te tonbe anba bal lapolis pandan echanj kout zam.

Daprè nòt entitisyon lapolis la, bandi sa yo ki bwè dlo dan yo a, se ta manm gang Carlo Petit-homme alyas « Ti Makak » , bandi sa ki ap dirije gwoup gang sa k ap opere nan wotè komin Petyonvil.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pandan menm operasyon sa, Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) te sezi tou plizyè zam otomatik.

N ap note, malgre asasina twa polisye yo, abò yon patwouy, pa bandi ki te gen anpil zam nan jounen dimanch 9 avril 2023 a, PNH la yon lòt fwa ankò detèmine epi li pa gen entansyon abandone pou l kontinye trake bandi ak zam yo jiska dènye yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.