Bon nouvèl pou anplwaye ED’H yo ki pral kapab touche

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
bon nouvèl pou anplwaye ed'h yo ki pral kapab touche

Gras avèk yon sipò finansye ki sòti nan pi wo nivo gouvènman an, anplwaye ED’H yo pral kapab touche lajan travay plizyè mwa enstitisyon an dwe yo.

Nan yon nòt ki pote dat 24 avril, Direksyon jeneral ED’H la anonse tout anplwaye li yo pral gen pewòl k ap kòmanse fèt apati fen mwa a nan lide pou peye plizyè mwa travay.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè rankont ki fèt ant MTPTC, Primati ak responsab ED’H yo, gouvènman ayisyen an deside bay yon sipò finansye ak Elektrisite Ayiti ki pral kapab kouvri plizyè mwa aryere salè anplwaye yo.

Direksyon jeneral ED’H la envite tout anplwaye li yo ki te nan grèv depi plizyè jou akoz pwoblèm sa pou reprann travay epi evite tout move konpòtman pote yo ale nan sa y ap revandike yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.