Nan yon bilan pasyèl plizyè medya lokal pibliye pami yo radyo tele Caraïbes, plis pase 49 bandi pase anba flanm dife nan diferan zòn nan kapital la.
Nan prèske tout zòn yo nan Pòtoprens, operasyon dechouke bandi an pote yon rezilta sevè soti lendi 23 pou rive ayè mèkredi 26 avril 2023 a, plis pase 49 bandi bwè dlo bouch yo depi premye kolè popilasyon an nan mòn Kanapevè pou rive nan lòt katye ki anba presyon gang yo.
Bilan pasyèl kadav bandi ki boule
Yon 20tèn mouri epi boule Kanapevè
14 mouri epi boule nan zòn Pako
8 mouri epi boule nan zòn Turgeau Debisi
8 mouri epi boule nan katye Kafou Fèy
Popilasyon an kanpe sou piga yo, yo anonse batay la fenk kare rapouswiv, nan lide pou kontinye dechèpiye epi fouke bandi anba flanm dife.
Facebook Comments