Bonnie & Clyde, se pa t sèlman de moun ki damou

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
bonnie & clyde, se pa t sèlman de moun ki damou

Pi souvan, yo asosye non Bonnie & Clyde pou dekri 2 moun ki pataje yon relasyon santimantal sere sere, nan lang kreyòl ayisyen an yo pale de 2 moun ki damou. De non sa yo ki selèb depi premye mwatye 20èm syèk la, prensipalman nan peyi Etazini, se te 2 jèn kriminèl ameriken.

Bonnie Elizabeth Parker ansanm avèk Clyde Chestnut Barrow ki selèb jiska jounen jodia nan kilti popilè an sou akwonim Bonnie & Clyde, se te 2 jèn ameriken ki te nan tèt yon ti gwoup gang nan peyi Etazini ki te espesyalize nan kesyon kase Bank, touye moun ak vòlè machin.

- Advertisement -
Ad imageAd image

De jèn amoure sa yo ki te apèn nan ventèn yo kòm laj, ta pral mouri ansanm nan lane 1934 nan yon anbiskad polis federal ameriken an (FBI) te tann pou yo pandan yo te nan wout pou al fè yon kas. Bonnie ak Clyde Lapolis t ap chache pou enplikasyon yo nan lanmò de polisye, mouri anba bal fòs lòd yo ki te krible machin yo te ye an.

Bonnie ak Clyde ki ta pral rankontre nan mwa janvye 1930, ta pral mete tèt yo ansanm pou komèt yon dividal krim nan divès Eta nan peyi Etazini, pami yo asasina plis pase yon dizèn moun ant 1931 a 1934. Avan lanmò yo nan sware 23 mai 1934 lan, de jèn amoure sa yo te deja fè plizyè ale retou nan prizon.

Nan anbiskad sa fòs lòd yo te tann pou de jèn amoure sa yo ki t ap pran direksyon yon bank pou y al kase nan Lwizyàn, anviwon 150 enpak bal te touche machin yo te ladan l lan kote Clyde ki te gen 25 lane te mouri sou plas san l pa t gen tan pou reyaji fas ak lapli bal ki t ap rive sou li yo.

De chèf gang sa yo ki te vle pou yo antere ansanm aprè lanmò yo, pa t gen dwa ak sa jan yo te swete l kote aprè fineray yo an yo chak ta pral antere yon kote. Bonnie ak Clyde, malgre zak yo t ap komèt yo pandan vivan yo an, te gen yon fineray kote plis pase 20,000 moun te asiste.

Anviwon 90 lane aprè lanmò yo, Bonnie Parker ansanm avèk Clyde Barrow rete jiska jounen jodia koup amoure ki pi selèb nan kilti popilè an, pa pou aktivite kriminèl yo t ap mennen pandan vivan yo an, men pito pou fidelite yo youn te genyen anvè lòt.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.