Vinicius ap prezan nan final Copa del Rey la

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
vinicius ap prezan nan final copa del rey la

Nan match Real Madrid fas Almeria pou 32zyèm jounen Liga, Vinicius ki te santi yon doulè nan fen match la, te enkyete fanatik yo anpil aprè l te mande soti. Aprè siksè madrilèn yo 4-2, Carlo Ancelotti bay nouvèl jwè a nan mikro « DAZN », li fè konnen sa Brezilyen an genyen an pa grav, l ap jwe final Copa del Rey la.

Aprè viktwa Real Madrid sou Almeria (4-2), nouvèl yo pat bon pou Madrilèn yo, paske Vinicius te touche nan jenou. Sa ki te mete anpil fanatik Real nan pwoblèm avan final Copa del Rey la epi demi final Champions League la fas Manchester City.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Teknisyen Italyen an bay nouvèl jwè a, yon fason pou l asire fanatik yo. Men koman Ancelotti te reyaji  nan yon antretyen li te bay « DAZN » : « Li pran yon kou nan jenou. Sa te ba l kèk pwoblèm men se pa anyen. Nan kèk jou, lap anfòm. Lap gentan pare pou final Copa del Rey la »

Vinicius ki tèlman pran kou nan Liga, se youn nan jwè ki sibi plis fot nan chanpyona, sa ki pouse l toujou ap konteste lè abit yo pa deside sifle, kontestasyon ki fè l pran katon. Brezilyen an, gentan resevwa 10 katon, sa ki anpil pou yon atakan, kèk jwè nan mitan teren Real la pa pran tout katon sa yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article