Bwa Kale : Popilasyon Kafou a pa deside bay vag

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
bwa kale popilasyon kafou a pa deside bay vag

Popilasyon Kafou a etenn souf yon jèn gason ki soti Fontamara ki te abò yon motosiklèt, jodi 5 jen 2023 a, nan mitan jounen an. Plizyè moun konfime enfòmasyon an aprè plizyè temwanyaj redaksyon an te jwenn nan bouch plizyè temwen.

Malgre kalm komin Kafou, espesyalman Bizoton 53, ap rekonèt tipa tipa a, mouvman Bwa Kale a kontinye rete yon revanj pou moun Kafou yo. Depi afwontman gang yo nan Tibwa fas Lapolis nan komin sila, 30 me pase a, pèp Kafou a inisye l ak fòs nan mouvman Bwa Kale a. Aprè yo te fin tiye yon chofè moto ki te soti Fontamara 27, nan yon zòn Kafou, mèkredi 31 me pase a, jodi 5 jen an yo etenn souf yon lòt jèn gason ankò ki soti Fontamara.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Annatandan, non jèn gason an rete enkoni. Daprè kèk sitwayen, jèn gason an ta yon toutè baz Krisla ki soti Fontamara. Popilasyon an ta maltrete l epi tiye l ak wòch nan yon katye nan komin lan.

N ap raple, depi 2 jen 2023 a, komin sila a ap retounen nan nòmal li, aprè afwontman ki te mete fas a fas kèk polisye fas bandi ki ta soti nan zòn Fontamara yo. Menmsi swadizan kalm sa pale vrèman, pèp Kafou a bò kote pa yo pike pikèt yo pou trake epi vanje bandi san fwa ni lwa sa yo kòmsadwa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.