Yon tranblemanntè sekwe yon pati nan Gran Sid peyi a

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
yon tranblemanntè sekwe yon pati nan gran sid peyi a

Tè a sekwe nan plizyè depatman nan Gran Sid peyi a tankou Grandans ak Sid byen bonè madi 06 jen 2023 a. Premye enfòmasyon yo rapòte genyen kèk dega ki resanse.

Alòske moun yo, pou laplipa te nan fon somèy, yon tranblemanntè mayitid 5,7 sekwe plizyè lokalite nan Jeremi ak Okay byen bonè jodi madi a bò 5è 11, daprè sa Radio Télé Galaxie rapòte. Popilasyon an ki pa t atann yo ak sa pa t pran tan pou te pran lari pou yo, daprè sa nou aprann.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Genyen plizyè kay ki te fisire oubyen ki pa t solid ki kraze. Nan kèk lokalite tankou Mòn-Fò ak Sen Hélène, genyen dega ki anrejistre.

Menm si poko genyen okenn chif ofisyèl ki bay, toutfwa divès sous nou kontakte nan vil Jeremi rapòte genyen moun ki blese swit ak pasaj katastwòf natirèl la, e menm genyen omwen 2 moun ki mouri. Laj ak sèks yo pa detèmine.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.