Carlo Ancelotti ap rete nan Real Madrid sezon kap vini

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
carlo ancelotti ap rete nan real madrid sezon kap vini

Avan remake kadefinal 2023 a, ant Chelsea ak Real Madrid nan Champions League la sezon sa, antrenè Italyen an fè konnen li pa gen entansyon kite tèt ekip Real Madrid la, paske kontra li ap bout an 2024 ak Merengue yo. Pou teknisyen Casablanca koze al antrene seleksyon Brezil la se yon blag.

Nan konferans pou laprès avan kadefinal ale Champions League la, mekrèdi 12 avril 2023. Ancelloti fè konnen li pa gen okenn ide pou l kite ekip Real Madrid la aprè sezon sa. Malgre anpil jounal nan peyi Brezil fè konnen li kapab vin seleksyonè ekip Brezil la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Banm di nou yon bagay, gen yon fraz moun souvan itilize, van pote pawòl anpil. M gen yon kontra ak Real Madrid pou 30 jen 2024, m ta renmen respekte l ». pawòl antrenè Real Madrid la.

Ak Real Madrid se pa antrenè yo ki te deside rete men se rezilta yo ki kenbe yo nan ekip la, pou kounya, rete pou Ancelloti pran Copa del Rey la, epi al chache yon lòt Champions League. Pou sa ki gen pou wè ak Liga, Barcelone ki gentan gen yon men l sou li, parèt konplike pou Merengue yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive