Max Alexander yon ti gason 7 lane koud rad pou gwo sipesta nan mond lan

Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste
ParSoph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste- Rédacteur
max alexander yon ti gason 7 lane koud rad pou gwo sipesta nan mond lan

Max Alexander yon jèn ti ameriken ki gen selman 7 lane gentan koud pou gwo sipesta tankou Sharon Stone epi ap prepare dezyèm defile mòd li. Jèn dizaynè a genyen yon ajan ak manadjè ki responsab karyè li .

Max Alexander te deklare paran li anvi li poul koud lèl te gen 4 lane . Paran yo pat kwè li nan kòmansman, paske Max potko janm koud yon fwa nan lavi li dapre sa madame.lefigaro.fr fè konen. Yon ti tan apre jèn dizaynè a te komanse travay sou yon mannken ki fèt ak katon. Max aprann koud pandan li ap gade manmanl ki se manadjè li ap fè sa .

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kèk lane apre li pataje travay li yo sou kont Instagram li an ki rele couture.to.the.max. Li gentan gen plis pase 1,2 milyon moun ki ap swiv li sou instagram. Pami moun sa yo genyen plizyè gwo pèsonalite tankou Andie McDowell, Jennifer Coolidge ak Sharon Stone.

Nan laj 5 lane jèn ti gason an te rive òganize premye defile li nan jaden lakay li epi deja fè rad pou plizyè moun nan antouraj li. Jèn dizaynè a koud plis pase 100 rad deja. Kòmand sa yo sòti nan plizyè peyi nan mond lan . Pou yon moun achte yon wòb jèn ti gason sa koud, pou pi piti fòk moun lan depanse 1400 dola ameriken.

Max gentan abiye sharon Stone yon aktris epi ansyen mannken . Nan yon videyo aktis la poste sou Instagram kote lap defile ak youn nan rad Max koud pou li epi deklare janl renmenm rad sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média