8 nouvo mizik ak tout videyo pou kòmansman mwa mas la !

Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste
Par Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste  - Rédacteur
8 nouvo mizik ak tout videyo pou kòmansman mwa mas la ! netalkole media

Atis ayisyen yo pou kòmansman mwa mas sa pa sispann travay .Sou tout ekran pou gen chans pou nou tonbe sou 8 mizik ak tout videyo sa yo ki soti depi premye mas pou rive jodi 12 an.

  • «Kiyes mwen ye » : Opak

Opak youn nan pwoteje Label Evazyon mizik propoze piblik lan  » Kiyès mwen ye  » yon son ak tout videyo ki soti sou doub EP(Extended Play ) li an ki rele « Kontras » ki parèt premye mas la . Nan videyo sa ki fèt an nwa ak blan epi ki mete fokis sou vizaj aktè yo atis la ap rakonte kiyès li ye ak kisa ki karakterizel .

- Advertisement -
Ad imageAd image

  • « Depim Wèw » : L-won

Videyo sa Louis Stanley reyalize sòti 4 mas, epi li kòmanse ak yon vizit atis la kay doktè kote yo entèdi li tout sa ki dous . Nan videyo a ak mizik lan L-won, jèn atis sa ki ap monte ak tout fòs ap mande tèt li kijan li ka rive fè sa? Pandan moun ki nan vi li an toujou bal anvi goute . Yon tèks ki ka sèvi pou pimante lavi koup yo nan moman prive yap gen pou pase ansanm . Videyo sa ki dire 4 minit ak 41 segond deja ranmase plis pase 7400 « like » san konte 138 000 fwa yo gadel deja sou YouTube.

  • « Ou vinn Usa twò ta » Socrate Ankorrr

Socrate Ankorr, revele yon lòt fwa talan li avèk nouvo mizik sa  » Ou vinn Usa Twò ta » ki paret 5 mas ki sot pase la . Tèks sa vini nan bon moman, kote program imigrasyon prezidan Biden mete an plas pou pèmèt plizyè imigran ki soti nan plizyè peyi ,pami yo Ayiti, antre legalman USA ap fè anpil pale . Nan videyo sa Socrate ankorr ki kontan rantre kay tonton Sam pral sezi tande reyalite peyi a .

  • « Kitem Ale » :Tony Mix ak Blondedy Ferdinand

7 mas ki sot pase la, apre anpil pale anpil sou rezo sosyal yo ant Dj Tony Mix ,Blondedy Ferdinand ak D-perfect, piblik la dekouvri se te yon strateji pou nouvo mizik sa ki tap pral sòti . Videyo sa gentan gade plis pase 1,5 milyon fwa sou chèn YouTube Blondedy an .Nan videyo sa TonyMix ki jwe wòl amoure atis Blondedy, plede fè pachat pandan li pa prè pou kite fi a ale.

  • « Plenyen Player Yo » :Trouble Boy

Nan mizik sa Hitmaker a deside tounen pòt pawòl « Player » yo, alòske mizik sa sòti 8 mas, dat ki make jounen entènasyonal dwa fanm yo. Atis la rekadre ti menaj sou kote li ki deside pou chanje règ jwèt la. Trouble boy ap fè patnèz lan konen relasyon an pat janm serye epi li te okouran desa depi nan komansman. Videyo sa gentan genyen 271k moun ki gentan gade li sou YouTube. Plizyè moun sou entenèt lan gentan itilize mizik sa sou tiktok pou fè videyo . Mizik sa ta dwe mache anpil anatandan sòti nouvo albòm rapè a .

  • « Strong Girl » : Toby Anbake

Rapè Toby Anbake apre yon repriz « Je l’aime à Mourir « nan okazyon fèt senvalanten an, deside fè kè fanatik yo kontan epi tou onore medam ayisyen yo nan okazyon jounen mondyal dwa fanm ki sot pase 8 mas la lè li soti mizik « Strong Girl » ki rakonte lavi Betina . Avèk yon videyo ti komik ki akonpagne mizik sa atis la mande respè pou fanm epi mande pou sispann abize yo.

  • « Dous pou dous » :Roody Roodboy

Dous pou dous se yon tèks ki oze anpil.Nouvo mizik sa ki paret 9 mas ki sot pase la, a 9è nan maten, se yon bon son pou amoure ak amourez yo itilize nan moman entim yo .Nan senaryo videyo a Stéphanie ki sipoze prezante yon reyinyon enpòtan nan travay li pa rive ale akoz mari li ki gen lòt projè pou li .

 

  • « Demenaje » : Ti Lunet

Demenaje se premye videyo ki parèt sou nouvo albòm » My Turn  » Ti Lunet ki sòti 10 mas lan la .Nan mizik sila atis la rakonte li demenaje epi kite zòn selibatè a, apre li finn jwenn moun pali an epi montre kèk vye eksperyans nan lanmou li fè nan videyo sa . Yo deja gade videyo sila plis pase 51 mil fwa sou YouTube.

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média