Chak ekip konnen advèsè yo pou demi final Lig Nasyon yo 

Ravensley Boisrond
ParRavensley Boisrond
chak ekip konnen advèsè yo pou demi final lig nasyon yo (1)

Jodi mèkredi a, tiraj pou demi final Lig Nasyon yo rive fèt. Peyi Ba, Kwoasi, Espay epi Itali se 4 ekip Final Four a. Peyi k ap resevwa konpetisyon an, ap gen pou l toke kòn li ak Kwaosi 14 jen. Itali ak Espay ap jwe 15 jen. Final la ap fèt Rotterdam 18 jen 2023.  

Pou demi final Lig Nasyon yo k ap fèt nan Peyi Ba mwa jen k ap vini la, kote Peyi Ba ap jwe ak Kwoasi epi lòt chòk la se ap yon remake demi final Lig Nasyon 2021 an, ant Espay ak Itali. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Peyi Ba ki soti nan Mondyal 2022 a, kote Ajantin te bat li nan kadefinfal ap jwe kont Kwoasi ki te fini 3zyèm nan menm konpetisyon sa sou Mawòk. Rankont sa ap fèt 14 jen 2023 Rotterdam.  

Yon lòt bò ekip Itali a ki pa patisipe nan 2 dènye Mondyal ki fèt yo ap yen poul toke kòn li fas Espay ki te tonbe nan Mondyal 2022 a fas Mawòk. Match sa ap gen pu l jwe 15 jen 2023. Nan dènye edisyon an, se te 2 ekip sa yon ki te fè demi final, kote Roja a, te bimen Itali (2-1) nan vil Milan. Se posibilte pou Champyon Koup Ewòp la pran revang li.  

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Journaliste, Amateur de littérature et de la photographie, grand passionné du multimédia