Duralson Jean pierre 27 lane, Lifène Sanon 32 lane, Ferdinand Osse 45 lane epi Dieuvé Tombeau 64 lane, se non 4 prizonye sa yo ki vale batistè yo nan prizon sivil Jakmèl la wikenn pase a. Se chèf òganizasyon dwa moun nan estrikti « Société MAKAYA » a Jean Jeudy ki konfime nouvèl la.
Selon kèk prizonye pwòch viktim yo, detni yo mouri akòz pwoblèm manje prizon an ap konfwonte dènye tan sa yo. Yon fenomèn depi yon bon bout tan ki pa sispann repete nan prizon yo an Ayiti, plizyè ankèt revele plis pase 50 mil prizonye mouri nan menm sitiyasyon an, alòske se yon dwa fondamantal prizonye a genyen kòm moun, pou l manje e viv menmjan ak tout moun » pandan lap pije pèn li » Daprè jan lajistis rekòmande l
Soti mwa janvye pou rive nan mwa dawout pase a, 17 prizonye te deja pèdi lavi yo nan prizon sivil Jakmèl la, sant prizon sa a ki te gen 694 prizonye: pami yo 13 timoun ak 31 fanm, pou kouwèl ye la a desann a 690 prizonye.
Konbyen prizonye ki gen pou mouri menmjan ak 4 mesye sa yo pou menm kòz la ? Antouka se pa sèl pwoblèm manje a kap tiye konpatriyòt sa yo, pwoblèm laswenyay la se yon lòt gwo kou ankò.
Facebook Comments