Christophe Galtier ap pèdi travay li aprè sezon sa nan PSG daprè « RMC Sport »

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
christophe galtier ap pèdi travay li aprè sezon sa nan psg daprè rmc sport

Aprè echèk PSG nan Champions League la epi 8 defèt pou sezon sa nan Ligue 1 an, Galtier pa konn sou ki pye pou l danse nan tèt ekip PSG a. Daprè enfòmasyon « RMC », ansyen Coach Lilwa, ka pa antrene klèb kapital fransè a sezon k ap vini. Dirijan yo ap chache yon bon ranplasan.

Dirijan PSG yo pa gen okenn ide pou kontinye ak Galtier nan tèt klèb la, aprè eliminasyon li nan Champions League la, travay Maseyè a menase, dirijan yo ap chache yon pi bon ranplasan, kèk non tankou Zinedine Zidane ak ansyen antrenè Bayern Munich lan, Julian Nagelsmann. Men ansyen antrenè Real Madrid la se favori pou post la, tout fanatik yo reve l vin pran tèt klèb kapital la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lòt antrenè tankou Luis Henrique, José Mourinho oubyen Antonio Conte se potansyèl coach ki kapab vin nan ekip la. Coach sa yo gen anpil eksperyans epi yo konn rive jere gran jwè.

Yon lòt bò, bagay yo pa enteresan nan dosye sa paske relasyon Galtier pa fin bon ak Luis Campos. Pou soti nan sitiyasyon konplike sa, Galtier gen 2 rankont enpòtan fas Nice ak Lens ki dezyèm nan do PSG.  jiska prezan tit Ligue 1 an nan lari. Men eske PSG, se pa yon klèb ki difisil pou yon antrenè reyisi ladan l?

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive