Òganizasyon Sitwayen pou yon Nouvo Ayiti (OCNH) nan yon rapò pibliye ayè lendi 3 avril 2023 a, fè konnen gen plis pase 190 moun ki pèdi lavi yo, soti 1ye pou rive 31 mas 2023 a. Se sak fè, fas ak sitiyasyon sa, kote gwoup gang yo ap elaji teritwa yo, pou blayi sou tout teritwa nan peyi a, OCNH rekòmande pou aktè nasyonal ak entènasyonal yo defini yon plan sekirite global pou kapab ede peyi a.
Daprè sa Òganizasyon an fè konnen, pou sèlman mwa Mas la, gen omwen 195 moun ki pèdi lavi yo anba bal, ladan yo gen omwen 10 fanm, youn nan 10 viktim sa yo te ansent, 6 tifi, 4 ti gason, yon tibebe ki fèk fèt ki te sèlman gen 8 jou, 3 polisye, yon sòlda FADH, ak yon etidyan Lekòl Nòmal Sipy(Ecole Normale Supérieure), Tchadensky Jean-Baptiste.
Mete sou sa, pandan jounen 20 mas 2023 a, omwen 15 moun te pèdi lavi yo, ladan yo yo polisye Jean Bernard Vertus, ki te mouri nan lokalite Kago ak Tinèl nan komin Petyonvil, pandan yon masak gwoup gang « Kraze Baryè » te fè, presize Òganizasyon dwa moun nan.
Nan rapò sa a ki pa konplè, OCNH deklare sou sèt depatman, Lwès la okipe premye plas ak 172 ka asasina ki te fèt nan 13 minisipalite. Konsènan zak kidnapin, OCHN fè konnen tou, nan yon sèl jou, yo te kidnape 7 moun nan Delma epi yo te kenbe yo an sekrè.
Se nan lide sa, Òganizasyon pou Defans Dwa Moun nan mande aktè nasyonal ak entènasyonal yo pou yo bay Lapolis Nasyonal Dayiti a ekipman sofistike ak sipò teknik pou konbat gwoup gang ak zam sa yo nan peyi a, tout pandan li kontinye mande tou yon plan repons imanitè pou ede segman ki pi vilnerab yo nan popilasyon Ayisyèn nan fas ak lavi chè sa k ap vale teren chak jou k ap pase nan peyi a.
Facebook Comments