Cristiano Ronaldo ap antrene sou teren Real Madrid  

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
cristiano ronaldo ap antrene sou teren real madrid   (1)

Aprè eliminasyon Pòtigal nan Mondyal FIFA, Kata 2022 a, Cristiano Ronaldo pa deside chome. Malgre li poko gen klèb, Pòtigè a kontinye ap antrene e se sou teren antrènman Real Madrid yo l ap fè sa aktyèlman. 

Enfòmasyon yo fè konnen Cristiano Ronaldo retounen nan kay li genyen nan vil Madrid aprè eliminasyon seleksyon Pòtigal la nan kadefinal Mondyal la. Atakan an ki te konnen rezilyasyon kontra l avèk Manchester United poko siyen ak lòt klèb. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kòm nou konnen Cristiano se yon gwo konpetitè, malgre li se yon lò 37 kara kounya, li pa sispann travay pou li rete djanm. Semèn sa se nan Valdebebas la, sant antrènman Real Madrid la, li ap prepare l. Li pa antrene sou menm teren ak ekip Carlo Ancelotti a. 

Se klèb la menm ki bay nonm 5 Balon dò a pèmisyon pou l antrene nan sant li an. Lè jèn ki nan akademi Real Madrid la aprann li la, yo te anvi vin wè l epi fè foto avèk sipèsta a. 

Cristiano Ronaldo poko deside anyen sou avni l menm si gen yon klèb Sawoudyen (Al Nasser) ak yon klèb Katari (Al Sadd) k ap fè l je dou. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.