Leo Messi, premye jwè ki make dezyèm tou a konsa depi 2010 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
leo messi, premye jwè ki make dezyèm tou a konsa depi 2010 

Lionel Messi ap jwe yon gwo Mondyal avèk peyi l nan moman an la. Men dezyèm tou  Ajaten an ap fè a tèt chaje. Se premye jwè ki fè gòl nan uityèm final, kadefinal ak demifinal depi 2010. 

Si n ap chèche yon jwè k ap jwe yon konpetisyon majistral, jis gade Messi nan Koupdimonn sa a. Messi fè 5 gòl epi bay 3 pas desizif depi lè Mondyal la tanmen an nan peyi Kata. Mete sou sa, li meyè jwè pou 4 match nan 6 sa ki jwe yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Avan Mondyal sa, Leo potko janm fè yon gòl nan faz ki gen eliminasyon dirèk, sa nou rele dezyèm tou a. Non sèlman li make ane sa, men li make ni nan uityèm final (kont Ostrali), ni nan kadefinal (kont Oland), ni nan demifinal (anfas Kwoasi). 

Depi 2010, okenn jwè pa t fè sa nan koze Koupdimonn. Pou Mondyal 2010 ka, se Wesley Sneijder ki te make nan 3 match sa yo youn kole ak lòt. Se te devan Slovaki, Brezil epi Irigwe. Olandè a te fini dezyèm ak peyi l nan tounwa a.  

Messi pral jwe dezyèm final Koupdimonn an karyè l, l ap gen okazyon rantre pi fon nan listwa si l ta rive make nan match sa. Se dènye opòtinite ki genyen pou l ajoute mas lò a nan vitrin li. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.