Cristiano Ronaldo bay enpresyon l sou Messi ak Benzema ki ka vini nan Pro League la

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
cristiano ronaldo bay enpresyon l sou messi ak benzema ki ka vini nan pro league la

Se sou paj ofisyèl Twitter Lig profesyonèl Sawoudyen an, Cristiano Ronaldo bay enpresyon l, jodi jedi a, sou posibilite ki genyen pou Messi ak Benzema ki ka vin evolye nan champyona Sawoudyen an, kote l bay kèk bagay ki ta dwe amelyore pou chanpyona ka pi solid.

Depi aprè rive Cristiano Ronaldo nan Pro League la, anpil non site pou sezon k ap vini an. Messi ak Benzema se non ki plis ap kreye sansasyon sou rezo sosyal yo dènye jou sa yo. Nan sans sa, ansyen jwè Real Madrid la fè konnen se ap yon bon bagay pou chanpyona a, men gen kèk bagay ki dwe amelyore.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Enfrastrikti, abit yo epi VAR, bagay sa yo dwe amelyore, san bliye estad yo ». deklare bitè Potigè a.

Lejand potigè a kontinye pou l di: « fòk m di nou, m santi m byen isi a, m vle kontinye, m ap kontinye». Sa ki vle di, jwè a pa gen okenn entansyon tounen nan chanpyona ewopeyen yo.

Sou vini Messi ak Benzema nan peyi Arabi Sawoudit lan, li te pale konsa: « m swete yo byenveni… chanpyona a ap amelyore, li gen anpil bèl jwè etranje ak arab.»

Mèkato ete a ap genyen anpil sipriz. Ewop la ka pran yon lòt gwo kou aprè transfè Cristiano Ronaldo a. Messi ak Benzema nan peyi Arabi Sawoudit se ap yon plis pou Pro League la, ki ap egalman yon kou di pou foutbòl ewopeyen an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive