Karim Benzema sou wout pou l kite Real Madrid

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
karim benzema sou wout pou l kite real madrid

Aprè 14 lane ak Casablanca yo, Balon dò 2022 a ap kapab kite klèb la aprè yon gwo pwopozisyon 400 milyon ewo pou 2 lane ki sòti nan peyi Arabi Sawoudit, presizeman bò kote Al Ittihad. Aprè C. Ronaldo, chanpyona pwofesyonèl Arabi Sawoudit la kapab resevwa yon lòt gran jwè nan istwa l. Si kontra sa rive nan bout li, ansyen jwè Lyon an ap tou vini anbasadè peyi Arabi sawoudit pou mondyal 2030 lan.

Aprè kèk mwa C.Ronaldo fin depoze valiz li nan Al-Nassr, klèb nan peyi Arabisawoudit yo vle plis. Al-Hilal prè pou l siyen Lionel Messi ki rive nan fen kontra li ak PSG, epi Al Ittihad ki pwopoze Karim Benzema yon gwo kontra menm jan ak sa entènasyonal Potigè a te asepte desanm ane pase a ki estime a 400 milyon ewo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè Foot Mercato, jwè a ta asepte siyen nan klèb Al Ittihad la menm lè kontra l ap bout an 2024 ak Real Madrid. Daprè jounalis Ma Trisac, Real Madrid ap prepare, jodi jedi a, yon konferans pou laprès nan sant antrènman yo an, Valdebebas, pou mete tout moun klè sou koze transfè sa. Karim Benzema kapab tou anonse l ap fè yon kraze kite sa aprè 14 lane ak Merengue yo.

Yon lòt bò, klèb espanyòl la kapab fè rezistans pou jwè a pa ale, konsa tou Florentino Perez kapab tou pwofite fè kòb sa nan lide pou l kapab pran youn nan sib li yo pou mèkato ete a ki se Harry Kane ki kapab nouvo nimewo 9 Real Madrid sezon k ap vini an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive