Cristiano Ronaldo bay enpresyon l sou nouvo seleksyonè Pòtigal la

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
cristiano ronaldo bay enpresyon l sou nouvo seleksyonè pòtigal la

Jodi mekrèdi a, Cristiano Ronaldo bay enpresyon l avan match nan kad kalifilasyon pou Ewo 2024 la fas Liechtenstein, star Potigè a te tou pwofite pale sou nouvo seleksyonè a, Roberto Martinez. Cristiano Ronaldo ki kwè nan chanjman ansyen antrenè Belgik la ap pote pou yo.

Cristiano Ronaldo bay enpresyon l sou seleksyon Pòtigal la ak nouvo seleksyonè ekip la, Roberto Martinez. Jwè 38 lane a kontan paske l kapab kontinye ede peyi l. « anbyans lan bon, tout jwè yo kontan la. Ekip la gen yon lòt mantalite ak yon lòt ide. M kontan paske m kapab ede Pòtigal ».

Poze l kesyon sou Gonçalo Ramos, aprè l te fin fè 3 gòl nan 8tyèm final Mondyal 2022 a, jwè Al Nassr fè konnen : » l ap fè yon sezon ekstraòdinè. Li enpòtan pou N gen konkirans, sinon nivo a pa tap janm leve ».

Ansyen jwè Manchester United la, kap pot mayo ekip Pòtigal la depi 20 lane te panse fè yon kraze kite sa ak seleksyon an aprè echèk Pòtigal la nan Mondyal peyi Kata.

« M pap ba nou manti. Nan vi a, li enpòtan pou n peze bagay yo. Nou te panse anpil, nou te reflechi anpil, mwen ak fanmi m, men nou te rive pran yon desizyon, malgre anpil difikilte, nou paka bay vag. M kontan paske m tounen nan ekip la. Antrenè a montre m li konte sou mwen, m te toujou vle jwe,nou konn sa. Li pale ak tout moun nan ekip la. M toujou gen dezi mennen ekip la nan pi wo nivo a » deklarasyon ansyen jwè Real Madrid la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article