José Mourinho kapab retounen nan Real Madrid

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
josé mourinho kapab retounen nan real madrid

Daprè yon jounalis espanyol Oier Fano Dadebat, kap travay pou « COPA », José Mourinho kapab vin ranplase C. Ancelotti nan tèt ekip Real Madrid la. Yon enfomasyon ki kòmanse fè anpil pale nan laprès espanyol, jodi mekrèdi a.

Yon jounalis espanyol, Oier Fano Dadebat anonse jodi mekrèdi a, antrenè Potigè a, José Mourinho kapap retounen antrene Real Madrid nan plas antrenè Italyen an, C. Ancelotti. Ak Marengue yo, Mourinho te kite tras li, malgre l pat ka bay Casablanca yo desima nan Champions League la aprè 3 sezon ( 2010-2013).

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aktyèl antrenè AS Roma, ki gen PSG kap fè l je dou, se youn nan priyorite Real Madrid, pou ta vin ranplase C. Ancelotti, daprè sa Jounalis  » COPE » a fè konnen. Paske mwa Janvye a, anpil medya te fè konnen ansyen Coach Bayern Munich lan kapab al antrene seleksyon Brezil la aprè sezon sa.

Yon lòt bò, « Special One » nan ki sou kontra ak klèb giallorosso yo pou 2024, ki trankil nan klèb italyen an, kapab poze Real Madrid kèk ti difikilte. Men Florentino Pérez, kapab fè tout sa l konnen pou l fè Potigè a retounen sou ban Real Madrid la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive