Cristiano Ronaldo bay rezon ki fè li kite foutbòl ewopeyen an 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
cristiano ronaldo bay rezon ki fè li kite foutbòl ewopeyen an 

Jodi madi a, Criastano Ronaldo prezante devan fanatik klèb Al Nassr yo, se te okazyon pou star potigè a bay rezon ki fè li kite chamyona ewopeyen an pou l vin jwe nan peyi Arabi Sawoudit. Yon transfè ki fè anpil pale anpil nan medya ewopeyen  yo. Pou prezantasyon jwè a nan vil Riyad, anpil fanatik te vinn asiste epi tande diskou li anvan menm li komanse jwe pou Al Nassr nan jou kap vini la yo. 

Anpil komantatè espòtif kwè chwa ansyen jwè Manchester United la se yon dezisyon pou lajan, yon desizyon ki egoyis. Men pou jwè a se yon nouvo defi, se yon misyon. Nan prezantasyon li jodi madi a, men sa Ronaldo fè  konnen sou chwa li fè pou l vinn jwe nan peyi Arabi Sawoudit la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 » An Ewop travay la te fèt, m genyen tout bagay, mwen kontan anpil pou desizyon sa m pran an« .

Pi lwen jwè ki pran Balon dò a 5 fwa montre se yon chwa entilijan li pran pou avni li. 

« Se pa yon chwa pou m vin pran plezi, paske anpil lòt klèb nan peyi Etazini, Brezil, Pòtigal te bezwen sèvis mwen, men m deside siyen ak klèb sa ». 

Pou l te fini konferans li tap bay la, li te souliye pou medya yo, li pa yon jwè tankou tout jwè. Li se ton jwè inik.

« Travay mwen an Ewop fèt, mwen jwe pou gran klèb yo. Mwen se yon jwè ki inik. Se yon bon bagay pou m vin jwe la. Mw bat tout rekò yo, epi m pral bat yo nan champyona sa tou. M konn sa m vle: ede moun yo chanje mantalite yo, pa pou foutbòl la sèlman. M vle bay yon lòt vizyon ak foutbòl sawoudyen an ak tout peyi a. Al Nassr ban m posibilite pou m devlope yon projè pou jenerasyon k ap vini an, kontra sa inik menn jan m se yon jwè inik. » Pawòl star potigè a nan prezantasyon li.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive