Lafrik lanse yon apèl ijan pou mande sekou pou Ayiti

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
lafrik lanse yon apèl ijan pou mande sekou pou ayiti

Sou inisyativ Adama Dieng ki se ansyen sekretè jeneral adjwen Nasyonzini, plizyè gwo pèsonalite sou kontinan afriken an lanse yon apèl ijan anfavè Ayiti pou mande kominote entènasyonal la aji vit pou ede peyi a sòti nan sitiyasyon tèt chaje li ye jounen jodia.

Nan yon tribin ki òganize sou kontinan afriken an kote sitiyasyon Ayiti an te pami sijè ki t ap diskite yo, yon total 31 pèsonalite siyen yon dokiman nan tèt kole pou mande sekou pou Ayiti ki jounen jodia ap fè fas ak yon kriz imanitè grav epi yon fenomèn ensekirite k ap taye banda.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan dokiman sa ki gen siyati prezidan Senegal la Macky Sall, divès ansyen chèf deta, diplomat ak lòt gwo pèsonalite sou kontinan afriken an, siyatè yo plede pou gen bon jan soutyen ki pote ak pèp ayisyen an k ap fè fas ak tout kalite difikilte.

Daprè kominike sa, pèsonalite ki siyen yo fè konnen kominote entènasyonal la gen devwa pou aji vit nan pote bon jan soutyen ak pèp ayisyen an ki an difikilte, sinon listwa ap gen pou jije yo pou non asistans ak pèp an danje.

Depi plizyè ane, kondisyon lavi nan peyi Dayiti pa sispann degrade kote lamizè ap taye banda sou tout teritwa a avèk yon popilasyon k ap vin pi pòv jou aprè jou, san konte fenomèn ensekirite an k ap vale tèren, san konte enstitisyon yo ki pa p fonksyone depi byen avan asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse lan.

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.