Soti 1ye fevriye rive 26 fevriye 2023, DIE te resevwa 124,181 aplikasyon paspò

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
soti 1ye fevriye rive 26 fevriye 2023, die te resevwa 124,181 aplikasyon paspò

Depi aprè anons pwogram imanitè pwovizwa peyi Etazini mete sou pye nan dat 5 janvye 2023 a, anpil Ayisyen pa t pran tan pou yo te debake nan Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon(DIE) pou yo retire oswa fè paspò yo. Sa ki vin fè DIE resevwa plizyè milye aplikasyon paspò soti 1ye fevriye pou rive 26 fevriye 2023 a.

Vrèman vre, Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon (DIE) te sibi yon gwo ogmantasyon nan aplikasyon paspò depi kòmansman mwa fevriye a pou rive nan fen mwa. Daprè done ki disponib sou sistèm DIE a, soti 1ye fevriye pou rive 26 fevriye 2023, Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon(DIE) te resevwa 124,181 aplikasyon paspò.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sepandan, majorite paspò yo poko enprime epi yo poko pase kontwòl kalite sistèm nan, yon kontwòl ki gen objektif detekte anomali oswa erè nan paspò yo.

N ap raple, chak jou, plizyè santèn sitwayen Ayisyen rasanble tou pre sant resepsyon yo pou aplikasyon paspò, anpil nan yo ale nan lespwa y ap jwenn paspò yo. Genyn tou ki ale nan Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon ak lespwa y ap antre, malerezman plizyè jou konn pase anpil nan yo pa jwenn chans sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.