Nan yon kominike près ki pote dat ayè 24 avril 2023 a, Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun (RNDDH) denonse divès atak bandi ak zam fè sou popilasyon ayisyèn nan dènye tan sa yo, kote nan plizyè katye nan kapital la Pòtoprens ak nan lòt zòn, gang yo se sèl kòk chante.
Òganis dwa moun nan pa pase pa 4 chimen pou mande gouvènman ayisyen an rann kont sou silans li fè fas ak move zak bandi yo ap poze nan sosyete a, epitou sou plan estrateji Polis Nasyonal Ayiti (PNH) te elabore nan lane 2022 nan lide pou te anpeche gang yo repoze an pè.
RNDDH site plizyè zòn nan Delma, Petyonvil, Taba, Kwadèboukè, bandi anvayi. San l pa kite dèyè depatman Latibonit la. Nan plizyè lokalite nan zòn sila yo, anplis dirije y ap dirije, bandi ak zam pa pran lavi moun pou anyen : yo touye, rache, brile ak disparèt moun jan yo vle.
Pènye, Malik, Dyèg, Meyòt, Kago, Tinèl, Tomasen, Laboul, ki nan Petyonvil. Berèt, Kalbas, Fò Jacques, ki nan Kenskòf. Mache Salomon, Site Solèy, Bèlè, Karade, Solino, Delma, ki nan komin Pòtoprens ak Delma. Sous Matla, ki nan Kabarè, Onavil ki nan Kwadèboukè. Lyankou, Verèt ak Ti Rivyè ak Monwi, ki nan Latibonit, se kote RNDDH di li resanse viktim, patikilyèman fanm ak tifi ki sibi vyòl sou tout fòm.
Enstans lan site kèk non tankou Jimmy Cherizier “Babekyou” (G9), Johnson André “Izo” (5 Segond), Vitelhomme Innocent “Vitelòm” (Kraze Baryè), Jeff Larose ak Jean Auguste Cherisme “Jeneral Bogi” (Kanaran), kòm kèk nan prensipal chèf gang ki gen tout men yo tranpe nan touye moun san paspouki sou teritwa a, san yo pa kite dèyè fanm ansent, ti bebe, granmoun ak polisye.
Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun kondane zak bandi yo komèt sou teritwa epi mande Leta ayisyen kont sou divès operasyon li te konte mennen pou frennen ensekirite a.
Daprè RNDDH otorite yo ki nan Leta dwe bay popilasyon an esplikasyon sou divès atak k ap mennen an menm tan nan plizyè rakwen teritwa a. Li di li nesesè tou pou Leta esplike kòman fè lapolis lan te pran dispozisyon pou atake gang yo nan baz yo sòti depi fevriye pou rive oktòb 2022, men Leta t ap pral bay lòd pou anile mezi sa.
PNH te deside okipe plizyè zòn bandi pran an otaj depi lè kominote entènasyonal, patikilyèman Lèzetazini, te bay ekipman ak veyikil pou sa te fèt. Men akòz Leta ayisyen revoke plan estratejik sila, gang yo pran kontwòl zòn metwopolitèn nan nèt.
Nan menm kominike a, rezo defans dwa moun nan fè konnen Konstitisyon ayisyèn nan ak divès enstriman rejyonal ak entènasyonal pwoteksyon dwa moun yo, peyi d Ayiti ratifye, garanti dwa pou moun viv, sekirite, ak pwopriyete prive.
Li prezante pou fini senpati l bay viktim divès atak sila yo sou teritwa ayisyen an, epi fè konnen volonte l, yon lòt fwa ankò pou rete bò kote yo pandan l ap ekzije otorite yo ki nan Leta a pou yo respekte dwa fondamantal lavi, sekirite, entegrite fizik ak sichik epi pwopriyete prive chak grenn ayisyen genyen.
Facebook Comments