24 Avril 2023: Yon jounen nwa pou bandi nan kapital la

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
24 avril 2023 yon jounen nwa pou bandi nan kapital la

Aprè gwo operasyon pèp Kanapevè a te fin fè sou yon total 14 bandi ki te abò yon ti bis pap padap ki t ap flannen ak gwo zam nan valiz yo, plizyè chèf gang enfliyan nan peyi a move kou kong aprè bèl mouvman sa a pèp la tanmen an. Rezo sosyal yo te anflame ak vodeyo kote pèp la t ap bat epi boule 14 bouwo gason ki t ap soti Petyonvil nan yon ti bis Pap Padap.

24 avril 2023, yon dat bandi ayisyen pap janm bliye nan vi yo, si revolisyon pou endepandans 1804 peyi a te fèt nan tèt ansanm ak vyolans pou libète, yon lòt fwa ankò pèp la montre si yo jwenn bra rès NÈG parèy yo y ap ka makonnen fòs pou konbat bandi ak sapat yo nan peyi a ki pa sispann koule san popilasyon an san rezon. Jou 24 avril sa a 14 bandi san fwa ni lwa ta pral vale batistè yo gras ak entèvansyon lapolis la, mete sou raj popilasyon an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè enfòmasyon redaksyon an rekeyi nan men responsab yo nan komisarya Kanapevè a, lapolis te gen antèn sou machin nan depi nan estasyon Petyonvil la, bèf chenn nan ki t ap touche machin nan, touche nan men plis pase 21 moun ki te abò ti bis la, pami yo 14 endividi ame ak manch long nan valiz yo.

Aprè machin nan fin rive anba mòn Kanapevè a, plizyè ajan polis kanpe l epi tanmen yon fwouy jeneral… Se nan menm moman an, polisye yo pral finalman entèsepte 14 jenn gason ki pat ka bay eksplikasyon sou plizyè zam ak bal ki te nan valiz yo, popilasyon an bò kote pa yo anvayi bis la epi kòmanse bat mesye yo.

Kèk ladan yo ki t ap tante kouri pou sove anba presyon popilasyon an pat ka reziste fas raj pèp Kanapevè a. Lapolis bò kote pa l ki pa t vle travay la fini san byen ankete sou sitiyasyon an te kenbe chofè a ansanm ak bèf chenn nan pou odisyone yo sou sitiyasyon. Daprè eleman enfòmasyon yo te bay, mesye yo te monte machin nan tankou tout moun, yo pa rekonèt yo ni an pent ni an penti.

Pandan okazyon sa, popilasyon Kanapevè a voye yon mesaj fò bay bandi yo nan peyi a,  » Kanapevè se simityè pou tout bandi, nou nan operasyon tout moun rete lakay nou », se ansanm deklarasyon plizyè nan sitwayen yo ki te dèyè mouvman sa a.

Bandi yo reyaji sou sa k pase a

Aprè netwayaj sa a pèp la fin fè a, plizyè bandi tire sou yon ti bis Pap Padap nan zòn Chann Mas, yo tire sou makèt Roi Des Rois, yo tire sou lokal UDMO Lwès la. Plizyè moun blese san konte sa ki mouri pandan atak sa a.

Renel Destinat(Ti Lapli) ki se chèf gang Gran Ravin, te fè sòti yon odyo pou denonse lanmò 14 bandi yo, prezime kidnapè a pale tankou mesye yo se sòlda l, oubyen se pou li yo t ap pote zam yo, li ka klè pou konnen paske mesye yo t ap soti Petyonvil pou desann Pòtay… Brèff.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pandan tout deklarasyon l yo, Ti Lapli fè PNH la plizyè gwo menas, li anonse gen yon bagay ki pral pase nan peyi a pyès moun pa dwe di anyen.

Li vin plis enpòtan pou lapolis mete plis brenzeng deyò pou konbat bandi san ginè sa yo, popilasyon an dwe pi prè lapolis epi kolabore plis ak yo pou mete tout asayan malatchyong deyò nan sosyete sila a ki dwe repoze sou inyon, pataj, lanmou ak lapè.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.