Yon bon nouvèl pou Zlatan Ibrahimović avèk seleksyon Laswèd lan

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon bon nouvèl pou zlatan ibrahimović avèk seleksyon laswèd lan

Anviwon yon lane aprè dènye prezans li nan seleksyon Laswèd lan, Zlatan Ibrahimović sou wout pou fè gran retou li nan ekip nasyonal lan pou pwochen match kalifikasyon Euro 2024 yo.

Atakan Milan AC an ki pa gen lontan depi l reprann konpetisyon nan chanpyona Itali an, fè pati jwè antrenè seleksyon swedwaz la, Jan Andersson, rann piblik pou pwochen fenèt FIFA a k ap rive nan fen mwa mas la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Malgre 41 lane li an, Zlatan Ibrahimović poko deside bay vag nan zafè foutbòl avèk prezans li nan ekip Milan AC an epi seleksyon nasyonal Laswèd lan malgre li pèdi plas li kòm titilè depi kèk tan nan de ekip sa yo.

« Pandan tout dire blese li an, Zlatan avèk mw te toujou rete an kontak. Kounya, li santi l byen pou pote kontribisyon pa l sou tèren an », pawòl antrenè an nan moman li t ap anonse lis sa.

N ap raple, aprè Euro 2016 la, Zlatan Ibrahimović te anonse retrèt entènasyonal li, avan ta pral tounen sou desizyon sa senk lane pita, menmsi l pa t rive patisipe nan Euro 2020 an akoz li te blese.

Pandan pwochen fenèt FIFA a, seleksyon Laswèd lan ap gen pou jwe fas Azerbaydjan ak Bèljik nan kad match kalifikatif pou Euro 2024 la. Zlatan Ibrahimović ki se meyè bitè istwa seleksyon sa, pral kapab fè gran retou li.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.