Deblozay devan legliz pastè Marco a, fanmi viktim yo egzije asistans legliz la

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
deblozay devan legliz pastè marco a, fanmi viktim yo egzije asistans legliz la

Plizyè viktim ak fanmi viktim legliz Pastè Marcorel Zidor anpil moun konnen sou non Pastè Marco ap dirije a te debake ayè dimanch 27 dawout 2023 a devan tanp lan nan lide pou vin chache asistans lidè yo aprè dram ki te lakòz plizyè dizèn mò ak blese anba bal bandi nan zòn Kanaran jou samdi 26 dawout la.

Yon jou aprè anpil fidèl legliz “Évangélique Piscine de Bethesda” yo te fin pèdi lavi yo aprè reyalizasyon yon mach ki te vize al deloje gwoup gang Kanaran an ki gen nan tèt li Jeff, plizyè viktim ak fanmi viktim te debake devan legliz la pou al chache asistans bèje legliz sila a, Pastè Marcorel Zidor, plizyè nan moun yo te pran tire wòch sou legliz la paske yo te entèdi yo rantre nan espas la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pandan plizyè fidèl te vin solidarize yo ak Pastè Marco, kèk fanmi viktim ki te prezan pa t kache kòlè yo kont Pastè a ki, daprè yo, pran fidèl yo mennen labatwa. Kèk paran te kòmanse kalonnen legliz la ak kout wòch pou eksprime nivo fristrasyon yo. Daprè sa a nou kapab remake sou paj Facebook Ted’Actu

François Vicner ki te resevwa yon bal nan tèt, te pale nan mikwo sous nou mansyone a pou eksplike kijan evènman an te dewoule. Li te pwofite bay nouvèl Pastè a ki, daprè sa l di, fè yon ti blese pandan derapaj la, men ki pa resevwa okenn bal, kontrèman ak sa k ap di sou rezo sosyal yo.

Toujou daprè sous la, nan moun ki te la yo tou, plizyè nan yo pako konnen si fanmi yo vivan toujou, ni si yo mouri. Yo sèlman vin founi je gade paske yo pa gen nouvèl pwòch yo ki te nan mach la.

Abitan yo ki rete pa twò lwen legliz la, te kanpe sou de ran ap asiste ak sèn lan. Sa ki t ap reflechi epi diskite antre yo pou evalye dega ak kantite dèy dram sa kite nan zòn lan.

Toujou nan deskripsyon seri imaj sous la pibliye yo, fanmi viktim yo anonse yo pral tanmen yon gwo mouvman pwotestasyon nan jou k ap vini yo pou fòse pastè Marcorel Zidor alyas Pastè Marco pran responsablite l fas ak evènman sa a.

 

Sous Foto : Ted’Actu

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.