Déborah Henristal malerezman pa ranpòte The Voice, malgre bèl pakou li 

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
déborah henristal malerezman pa ranpòte the voice, malgre bèl pakou li 

Atis Déborah Henristal, dorijin Ayisyèn, ki pat sispann kreye bèl sansasyon nan konkou edisyon 2022 The Voice Dominicana a, malerezman pa ranpòte premye plas la a nan gran final konpetisyon an ki te fèt ayè 23 oktòb 2022 a. Jenn atis 19 lane a Déborah Henristal, malgre tou fè fyète bikolò Ayisyen an atravè pakou li nan konkou chante entènasyonal la, The Voice Dominicana.  

Aprè li te fin atire atansyon kat jij prensipal konkou sila a pandan etap anvan yo, li te pwofite remèsye pandan sware a, tout moun ki te sipòte l yo prensiplman jij yo ki pat sispann ba li konfyans pandan tout konpetisyon an. 

Li te chante mizik « This Is Me », atis amerikèn nan Keala Settle konpoze, anba yon karès melodi akonpanye ak vwa li ki te si dous, tout moun te pran plèzi nan prestasyon atis la. « Mwen remèsye Bondye, mwen di ak tout Ayisyen ki te soutni m yo mèsi anpil, lanmou pou nou, Lanmou pou Ayiti», te deklare jenn patriyòt la aprè final la. 

Aprè pèfòmans li a, prezantatè a ki te pran plèzi nan atis la te felisite l pou sansayon li te pote pandan tout pakou li, Misicologo ki te akonpanye l kòm jij epi pwofesè, pat sispann fè elòj pou Déborah « Ou kite m san mo, mwen fyè de ou, mwen swete rèv ou yo kontinye» tradiksyon deklarasyon espanyòl pwofesè Musicologo pou bèl talan Ayisyèn nan. 

Fòk nou raple tou, chanpyòn « Soleil d’Été » a Déborah, pat sèl Reprezantan Ayisyen nan konkou a, chantè Jean Ricard Smith, alyas R-Smith, li menm tou te rekonèt yon bèl pakou ki, malerezman ta pral elimine lavèy final la. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.