Deja 11 gòl pou Cristiano Ronaldo nan Saudi Pro League la avèk Al-Nassr

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
deja 11 gòl pou cristiano ronaldo nan saudi pro league la avèk al nassr

Atakan pòtigè an ki se yon machin nan zafè fè gòl, gentan enpoze l nan chanpyona sawoudyen an kote aprè 9 match sèlman li deja enskri 11 gòl ki mete l pami pi bon bitè yo nan Saudi Pro League la.

Fas Al Adalh, an deplasman, Al-Nassr enpoze l fasilman nan okazyon 22èm jounen chanpyona sawoudyen an (5-0), avèk prensipalman yon double pou Cristiano Ronaldo ki enskri 10èm ak 11èm gòl li nan sèlman 9 match li jwe.

Atakan pòtigè an ki ta pral rejwenn Arabi Sawoudit nan mwa janvye ki sot pase an aprè separasyon l ak ekip Manchester la, pa sispann fè gòl depi rive li nan Al-Nassr ki aktyèlman dezyèm nan Saudi Pro League la.

Gras ak nouvo double sa, Cristiano Ronaldo ki gen 38 lane, ogmante kantite gòl li deja enskri nan karyè foutbòl li an ki pase pou kounya a 834, sa ki fè li kontinye rete youn nan jwè ki fè plis gòl nan tout istwa foutbòl la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.