Kervens, se non ti lèzany sa a ki gen 4 lane jodi dimanch 2 oktòb la, li abite Dèlma 18, byen ta nan aswè jedi 29 septanm pase a, li resevwa yon bal ” mawon ” nan tèt andedan lakay li, se nan vandredi maten paran li remake sa akòz tach san yo te wè sou kabann li, yo te toutswit kouri lopital ak li.
Rive nan yon premye lopital, doktè yo te remake ka a depase yo, yo te mete yon pansman konpresif nan tèt li epi transfere l nan yon pi gwo lopital, 2zyèm lopital la te fè menm konsta a, yo te blije transfere l nan yon 3zyèm lopital, ki ta pral fèmen pòt li akòz gaz ki pa disponib pou lopital la fonksyone. Yo transfere l nan yon 4yèm lopital, selon enfòmasyon yo, aksè pou jwenn swen nan lopital sa a pa senp.
Dènye a ta pral mande pou fè yon eskanè pou Kervens, men mwayen an pat pèmèt paran yo, sa ki ta pral fòse yo retounen lakay yo ak li, pandan tan sa a, manman li ki te pote l sou bra li tap kriye epi evoke non BonDye.
Rive lakay yo, pansman an ki te kouvri tèt la te kòmanse bay yon likid, lèv li te kòmanse sèk, yo te kouri nan yon lopital prive ansanm ak li, ki te fasilite yo eskanè a. Se jodi dimanch lan aprè 3 jou ak bal la nan tèt li, li resi jwenn chans fè eskanè a pou swivi yo kapab fèt.
Kervens viktim bal “mawon” sa a akòz tire ki te genyen depi nan jedi maten nan zòn Dèlma 18 la. Doktè Stephane Michel, ki te rankontre ak viktim lan sou chimen li, te soutni paran an nan fason li.
Nan yon kout entèvyou nou te genyen ak doktè Stephane, li konfime nou mezi kòmanse pran pou sove lavi ti lèzany lan, pandan li pwofite bay kèk rezon sou dram sa yo ki pa sispann repete a.
” Anpil moun ap viktim anba bal, lopital yo pa p fonksyone akòz sityasyon peyi an k ap agrave epi pa gen gaz… donk viktim yo an difikilte pou yo jwenn swen”, te deklare doktè Stephane.
Pi lwen, responsab sante a fè konnen gen yon silans sou reyalite sa ki ta dwe revòlte tout moun epi fòse otorite yo pran tout mezi nesesè pou pèmèt lopital yo fonksyone, nan deklarasyon li yo, li di li enpòtan pou enstans sekiritè peyi a mete yon ola sou zak kriminèl yo ki pa sispann plonje dèy nan anpil fanmi. Mete sou avni peyi a ki asonbri, popilasyon an ap vin pi mizerab chak jou pi plis.