Boule mò oubyen antere li san pye, san je, san men elatriye, se pa yon pratik ki etranj nan sektè mistik la, sitou pou isit an Ayiti. Bandi ki achte katye popilè yo ak lajan kontan aplike pratik sa a anpil pandan tan sa yo, Malgre gouvènman an di yo gen kontwòl tout bagay.
Nan yon entèvyou li bay jounal AyiboPost, Djems Olivier, ki se yon sosyològ, te fè yon rechèch sou gang yo an Ayiti, sitou sou pratik boule viktim yo, kòm konklizyon, li dekri nouvo estrateji sa yo bandi yo pran plèzi a kòm yon nouvo fòm teworis.
Si nap sonje premye masak La Saline nan, an 2018, bandi te boule plizyè douzèn kadav, nan dat 20 dawout 2022 pase a, bandi ak zam te touye epi boule yon douzèn moun, ki gen ladan 4 manm nan menm fanmi. Dènye a se te 11 septanm ki sot pase a, bandi nan komin Site Solèy tiye epi boule 2 journalis nan kad yon repòtaj.
Kèk jou anvan, 6 dawout, Yvon Boisselle, yon ansyen senatè Repiblik, te sibi menm sò a tou nan Laboure 12.
Daprè Djems, boule kò mò yo, se yon pati nan tantativ pou fè moun pè. Yon kalite teworis ap devlope nan peyi sa a, menmsi nou pa chwazi rele li sou non li. Ak youn nan fason ki pi efikas yo gaye laterè sa a, se atravè rezo sosyal yo.
Genyen tou yon aspè “majiko-relijye”, paske lè yo boule kò viktim nan, yo mete nan tèt yo fanmi viktim yo pap ka atake yo “mistikman”. Men, eksplikasyon ki pi syantifik lan se nesesite pou entimidasyon an.
Pratik sa yo te tanmen depi nan lane 2004, yon epòk kote chèf gang yo te konn abitye mete mab nan tout kò grenn yo pou fè bagay, vyole fanm pou plezi epi gade yo kap soufri. Aprè 2004 Djems fè konnen li te gen chans viv yon moun ki tap boule prezans li. ” Mwen toujou sonje premye fwa yon moun tap boule devan m. Mwen te timoun epi li te nan yon zòn minisipal nan Corail kote mwen te grandi. Se te menm epòk Zenglendo a, lè sa a se te popilasyon an ki te boule l, kòlkwa se te yon Zenglendo.”
Menmsi ou pa gen entansyon fè mal swa ak kò mò a, sa pa anpeche mesye yo boule kò kadav ou a, youn nan pratik yo se rele mò a sou yon tab toutan, ou ka fèl eksplike tout sèn nan, lòt yo se nan miwa elatriye. ” Èske se pa ironik menm bann sa yo ki pè pou yo pa fè yo mal nan yon fason mistik, oubyen moun ki derespekte sèten kote sakre tankou peristil yo anpil fwa yo konn atake , oswa touye prèt vodou yo? Te kesyone sosyològ la.
” Wi, gen yon kontradiksyon. Men ann pran ka kote yon bandi pran pwen pou li pa pran nan bal. Si sa a fonksyone pou li, poukisa li pa ta ka fonksyone pou lòt moun? Poukisa kretyen yo pa t kapab gen yon priyè ki limite aksyon gang yo? Sa a se limit dimansyon majiko-relijye a. Nou se Ayisyen, se vre, epi nou konprann pèspektiv kiltirèl sa a, men gen yon limit. Nou dwe evite tou tonbe nan pyèj akize wougan yo (prèt vodou) kòmkwa se yo k ap pwoteje bandi yo. Sa ka ouvri pòt pou vyolans kont Vodou yo. “, li te kontinye.
Li kontinye pou l di ” Brigad pou w pran defans tèt ou a, se youn nan sous kreyasyon gang yo nan peyi a. Men jodi a, peyi a mal nèt. Gen anpil zam nan katye yo. Èske pa gen posibilite pou sa n ap viv jodi a jwenn bout li? peryòd “peyi lòk” yo, mennen nan sa tou? Petèt kèk katye pral fèmen nan sousi pou anpeche enkoni vin simen dèy nan katye yo? Sitiyasyon aktyèl la se lakòz anpil moun pè. Menm gwoup ki tabli baraj yo, si anyen pa chanje, pap tann 5 lane ankò pou yo tounen gang. An reyalite, menmsi baraj yo disparèt, kèk nan moun ki te mete l kanpe yo ap toujou la. Gen kèk “swadizan” òganizasyon, ak kèk moun ki resevwa yon ti kòb pou Bloke zòn yo. Yo kapab sèvi ak sa a pou fè menm bagay la nan tan kap vini yo. Gen gwoup gang ki kòmanse sa deja. Tankou 34 katye nan komin Site Solèy, yo pa katye vre, paske gen plis nan komin sa a. Olye de sa, yo se 34 gwoup gang kap kontwole katye sa yo, epi yo goumen youn ak lòt pou lajan ki soti nan sèten zòn”.