Repiblik dominikèn pral itilize fatra pou fè kouran

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
repiblik dominikèn pral itilize fatra pou fè kouran

Nan San Pedro de Macorís, an Repiblik dominikèn, otorite yo pral mete kanpe yon pwojè pou itilize dechè solid yo pou fè kouran. Atravè yon izin, yo pral itilize fatra ki genyen nan minisipalite yo epi transfòme yo an enèji elektrik.

Pou kounya, konstriksyon yon santral elektrik ki respekte anviwònman pa lwen kòmanse konstwi nan San Pedro de Macorís, e se sosyete Streamline Integrated Energy (SIE) k ap mennen pwojè sila, ki gen pou objektif prensipal ede peyi a fè fas ak pwoblèm elektrisite y ap konfwonte.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se ap premye enfrastrikti tip sa Repiblik dominikèn ap genyen. Antrepriz la ap gen pou jere yon pwojè jesyon responsab dechè, pandan l ap itilize teknoloji modèn ki konn sèvi nan lòt peyi deja.

Izin nan ap gen kapasite pou trete anviwon 350 tòn dechè solid pa jou epi li dispoze yon kapasite pwodiksyon kouran ki ale jiska 55 megawat. L ap reponn ak bezwen enèji tout Repiblik dominikèn, se sa sosyete Streamline Integrated Energy (SIE) fè konnen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.