NETALKOLE

Depi lapli farinen Pòtoprens inonde 

Sa gen plizyè semèn depi lapli ap plede tonbe sou kapital la Pòtoprens ak vil ki anviwonnen l yo. Malerezman, akòz bon jan estrikti, tankou kanalizasyon, otorite konsène yo pa met an plas pou fè fas ak sa, vil la anvayi ak dlo. 

Wi, nan kèk komin tankou Taba, Delma, Petyonvil sann pa kite dèyè Site Solèy, nenpòt ti farinay lapli lakòz gwo dlo desann epi fè dega ki konsiderab. 

Plizyè videyo ki filme ak telefòn moun ki sou plas, montre jan sitiyasyon an grav lè dlo desann nan zòn sa yo. Pa ekzanp Petyonvil, pa twò lwen plas Sen Pyè epi nan Ri Gregwa. Yon lòt kote, nan Taba, pi presizeman zòn Kafou Rita pou al bout prèske bò Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ, nan sig fransè), w pata di se larivyè ki desann tèlman sikilasyon an paralize akòz dlo ki desann. 

Lè dlo sa yo desann pwoblèm nan pa pou lòt komin : Site Solèy, ki anba. Li pote anpil fatra.  

N ap raple, lè lapli tonbe ak lè gen move tan, dlo ki desann abitye fè gwo dega deja tankou touye moun, kraze kay ak pote bèt oubyen lòt byen ale tankou machin, moto, elatriye. 

Jiskaprezan malgre divès pwomès ki fèt nan zafè sa pa bò kote Ministè Travo piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC, nan sig fransè) okenn mezi pa janm pran pou fè fas ak sitiyasyon an, mete sou sa moun k ap bati kay tout kote, nenpòt ki jan. 

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Articles Similaires

1 de 1 075

Laisser un commentaire