Depi w pa gen papye ou pa p ka travay nan Eta Floride la

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
depi w pa gen papye ou pa p ka travay nan eta floride la

Etazini, moun ki vle travay jeneralman dwe bay dokiman idantifikasyon valab pou aksepte yo. Dokiman sa yo souvan gen ladan l yon nimewo sekirite sosyal ak pèmi travay bay sitwayen ameriken yo, rezidan pèmanan legal yo, ak kèk kategori moun ki gen estati viza. Konsa tou gen anpil moun ki pa gen papye sa yo ki konn jwenn travay anba tab, sitou nan Eta Floride la kote gen plis pase 750 mil migran ki pa gen papye.

Se nan kontèks sa, yon nouvo lwa te pase nan kòmansman mwa me a, nan eta Floride la, ki entèdi tout konpayi oswa antrepriz yo bay moun ki san papye travay.

Vrèman vre, nan mwens pase 2 mwa ankò, espesyalman premye jiyè nan ane sa a, konpayi ki gen plis pase 25 anplwaye yo pral oblije tcheke sou yon baz done federal estati legal moun yo vle bay travay la. Si yon anplwaye pa respekte obligasyon sa a epi li bay yon imigran ki nan sitiyasyon iregilye travay, l ap pran gwo amann, daprè sa Sunshine State fè konnen, tout pandan li di nouvo lwa sa a ka lakoz ekonomi ameriken an pèdi plis pase 12 milya dola nan yon ane.

N ap note, akoz sitiyasyon sila a, anpil konpatriyòt Ayisyen ki pa gen papye ki t ap viv nan Eta Floride la deja kòmanse pran direksyon lòt Eta nan lide pou yo jwenn mwayen pou yo travay epi ede kèk nan fanmi yo ki sou responsabilite yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.