MENFP raple nesesite pou evite konfli enterè nan administrasyon piblik lan

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
menfp raple nesesite pou evite konfli enterè nan administrasyon piblik lan

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), nan yon sikilè ki pote dat 23 me 2023 a, raple ak tout responsab li yo nesesite pou evite konfli enterè anndan Ministè a.

Vrèman vre, nan sikilè sila a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) raple responsab li yo, tankou enspektè ak direktè lekòl leta yo, li entèdi pou yo okipe yon pozisyon nan jesyon yon lekòl prive ak/oswa pou yo posede yon lekòl prive ansanm ak pozisyon yo nan ministè a.

Daprè Ministè a, sa rantre nan kad akò ak egzijans sikilè ministeryèl novanm 2014 la, nan nòt rapèl septanm 2015 ki soti nan Enspeksyon jeneral pou administrasyon edikasyon ak fòmasyon pwofesyonèl (IGAENFP) epi lwa ki anvigè nan domèn sila a.

Se sak fè, MENFP fè konnen doub fonksyon sa a konstitye yon sitiyasyon konfli enterè ki afekte rigè moral, entegrite tout fonksyonè sivil yo ak respè pou pwoteksyon enterè siperyè Leta a.

Kidonk, nenpòt fonksyonè sivil ki twouve l nan yon konfli enterè dwe fè yon chwa.

Yon lòt bò, MENFP presize pou l fè konnen yo ap pran tout dispozisyon lalwa mande, anrapò ak dispozisyon legal yo ak règleman jeneral nan zafè a, yon fason pou korije sitiyasyon sa a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.