Fas ak reyalite peyi d Ayiti ap konnen dènye ane sa yo, Awobaz Digital Tech Solutions avèk kolaborasyon Haitibroacasting ak Netalkole Media anonse pou byento nouvo pwojè “Dezespwa”, yon seri dokimantè ki rakonte lavi chak jou pèp ayisyen an.
Nan yon nòt ki rive nan redaksyon jounal la jounen lendi premye dawout la, ekip Awobaz la ki jwenn sipò Haïti broadcasting ak Netalkole Media anonse rive nan yon dat ki pa long pwojè sa ki pote non “Dezespwa”, kote move moman sitwayen ayisyen an prezante sou fòm seri dokimantè.
Nan nòt sa, ekip pwodiksyon an fè konnen “Dezespwa” « se yon lyen pou motivasyon ki la pou konekte listwa, pou raple n kote n sòti, kote nou ye e kisa ki ka fèt pou n sòti nan gouf kote nou ye la, nan espas difisil sa ».
Pwojè sa ki poko gen yon dat ki fikse pou sòti ofisyèl li, dwe disponib nan yon dat ki pa twò lwen sou plizyè platfòm streaming, tankou Amazon Prime, YouTube ak Banbile TV, dapre sa responsab Awobaz yo fè konnen.
Toutfwa, responsab yo envite tout moun ki entèrese ak pwojè sa, swiv “Dezespwa” sou tout rezo sosyal yo nan lide pou kapab rete okouran de evolisyon pwojè sa ki vize rasanble tout ayisyen nan yon menm vizyon pou ede Ayiti sòti nan sa l ye jounen jodi a.
Facebook Comments