Diego Simeone sanble rive nan fen istwa l ak Atletico Madrid. Antrenè Ajaten an anonse prezidan klèb Madrilèn nan l ap kite ekip la nan fen sezon sa. Yon paj listwa Cholo a ak Colchoneros yo k ap vire apre plis pase 10 lane.
Tout bèl bagay gen yon fen. Sanble moman separasyon an rive tout bon pou Atletico Madrid ak Diego Pablo Simeone. Cholo a nan tèt ekip la depi plis pase 10 lane e li prèske pran tout sa l jwenn sou wout li ak ekip la. Se sèl Champions League la ki toujou ap reziste l e pou dènye edisyon an li elimine depi nan premye tou.
Pandan pasaj li nan tèt dezyèm pi gwo klèb foutbòl vil Madrid la, teknisyen Ajaten an li ranpòte Liga a 2 fwa epi li pran 2 Europa League. Li te tou pwofite ranpòte UEFA Supercup la 2 fwa l gen chans jwe l la. Nan peyi Lespay, li chanpyon nan Copa del Rey la yon fwa e li te soulve yon Sipèkoup Espay.
Diego Simeone se yon lejand nan ekip Atletico Madrid la. Se youn nan antrenè ki genyen plis match nan tout istwa Liga a. Cholo make pasaj li nan foutbòl Panyòl la kòm antrenè.