Omwen 3 moun mouri nan yon fiziyad Kafoufèy, pami yo 2 polisye 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
omwen 3 moun mouri nan yon fiziyad kafoufèy, pami yo 2 polisye 

Definitivman ensekirite a se nouvèl ane a li t ap tann rantre pou l te kòmanse fè dega ak alonje lis viktim li yo. Nan zòn Kafoufèy, plizyè moun tonbe anba bal endividi yo pa rive idantifye, pami yo 2 ajan Polis Nasyonal d Ayiti (PNH). 

Wi, 3 mò pou pi piti se bilan yon fiziyad ki fèt nan Kafoufèy, pami yo 2 polisye. Pòtpawòl PNH la Gary Desrosiers konfime nouvèl la, si n kwè sa jounal Le Nouvelliste rapòte. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

2 polisye ki viktim yo se Dempsey Denis ki gen 32 lane, li se yon Ajan 1 ki sòti nan 27yèm pwomosyon PNH la, epi genyen Jean Daddy Prévilus, yon Ajan 1, ki se yon 31yèm. 

Misye Desrosiers enfòme « 2 polisye sila yo te afekte nan sou komisarya Mache Salomon an. Premye enfòmasyon yo fè konnen se endividi ki te abò yon machin koulè nwa ki poze zak la. Sa rive pandan yon kontwòl woutin ayè madi 10 janvye 2023 a».  

Li deklare « sèvis envestigasyon yo deja ap keyi enfòmasyon pou konnen nan ki sikonstans aksyon sila pase », toutfwa li pa t an mezi pou bay detay sou lòt viktim yo. 

Pa bò kote popilasyon an, gen temwen sèn nan ki rapòte aprè fiziyad la gen plizyè lòt moun ki te sou plas ki sòti blese. « Otè zak yo menm rive ale ak zam sèvis polisye yo », se sa nou aprann. 

N ap raple, depi dènye tan sa yo Kafoufèy se youn nan kote ki anrejistre fiziyad ak lòt tip masak, sitou nan zòn Savann Pistach kote plizyè moun pèdi lavi yo pou lane 2022 a akòz gang k ap batay pou teritwa, pami yo gang « Ti Makak » la. Kriminèl yo te menm rive pran kontwòl sou komisarya zòn sila, mete dife nan kay moun ak vyole fanm ak tifi. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.