Messi ak Ronaldo, 15 lane emosyon ak 12 Balon dò 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
messi ak ronaldo, 15 lane emosyon ak 12 balon dò 

Nan match amikal ant PSG ak yon ekip konpoze ak jwè 2 klèb (d’Al-Nassr ak Al-Hilal ) nan peyi Arabi Sawoudit, Yon rankont anpil fanatik foutbòl t ap tann pou yo wè Messi ak Ronaldo pou yon « dènye fas a fas », ki fini an favè PSG (5-4), Messi te ouvè score a sou yon bèl pas Neymar te ba li epi C. Ronaldo ta pral make 2 gòl. Yon match ki montre nivo chanpyona Arabi Sawoudit la pa mal ditou. 

Pendan 15 lane, Messi ak C. Ronaldo  montre foutbòl la gen mèt, match yè jedi a se te seriz sou gato a, anpil fanatik te pran plezi pou gade yon fwa ankò ou petèt denye fwa 2 jwè ki pran Balon dò a 12 fwa (7 pou Messi epi 5 pou Ronaldo) san nou pa bilye tout tit endividyèl ak kolektif yo pran.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè Mondyal 2022 a, deba ki te ekziste ant Messi ak C. Ronaldo a ta pral rive nan bout li, Messi chanpyon epi fini meyè jwè konpeptisyon an. C. Ronaldo li menn te élimine nan kadefinal, sa ki bay Pulga a yon avans sou rival li a. Men mond lan pa janm bliye sa 2 jwè sa yo rive fè nan jwèt sa pendan 15 lane. 

Rankont sa, se te posibilite tou pou mond lan dekouvri kalite foutbòl ki ap jwe nan chanpyona arabi Sawoudit la. Nan sans sa, Laurent Bonadei, ki se adjwen Hervé Renard fè konnen :  

« Menn jan ak Ajanten yo,  C.Ronaldo pral sezi wè nivo chanpyona sa « . 

Rive C. Ronaldo nan chanpyona Arabi Sawoudit la pral leve nivo a epi atire plis jwè ak antrenè etranje. Transfè li nan klèb Al-Nassr la se yon nouvo paj nan istwa foutbòl la menm jan wa Pelé te fè l lè li te deside al jwe nan peyi Etazini.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive