Direksyon Floride pou Ariel Henry ak kèk manb kabinè l

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
Kredi Foto : Rezo Nòdwès

Nan yon moman kote anpil kote andedan peyi a ap boulvèse, Premye minis Ariel Henry ak kèk manb kabinè li kite peyi a jounen mekrèdi 7 septanm lan an direksyon Floride, nan peyi Etazini, daprè sa biwo Primati a fè konnen.

Nan yon nòt ki pibliye sou Twitter, Primati anonse deplasman jounen mekrèdi a chèf gouvènman an, Doktè Ariel Henry, pou peyi Etazini kote l ap gen pou rankontre yon gwoup antreprenè ki deside vin envesti an Ayiti.

Premye minis lan ki kite peyi an nan yon moman kote anpil sektè nan lavi nasyonal la ap mande pou l kite pouvwa a, « ap retounen Ayiti vandredi 9 septanm lan », daprè nòt primati a.

Yon jounen 7 septanm ki make prensipalman pa gwo mouvman mobilizasyon sa ki te anonse depi semèn pase a kote plizyè òganizasyon ak pati politik te pran lari pou denonse fenomèn ensekirite a, lavi chè a ak rate gaz la, an menm tan reklame demisyon premye minis lan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.