Sendika amplwaye APN lan te bay yon konferans pou laprès madi ki te 6 septanm 2022 a. Lè konferams pou laprès sa a, Sendika amplwaye APN yo te pale sou deteryorasyon klima sekirite nan peyi a, espesyalman nan Pòtoprens.
Estrikti sendikal sa a mande pou Leta retabli sekirite nan kapital peyi a pou anpeche manm enstitisyon sa a kontinye ap viktim anba men bandi ak zam.
Sendika amplwaye APN fè konnen nèg ak zam ki ap opere nan kè kapital la, vize anpil anplwaye enstitisyon an. Mete sou sa yo fè konnen nan moun ki mouri oswa kidnape nan sant vil la genyen anplwaye APN ladan yo.
« Sitiyasyon sa a se yon gwo enkyetid pou amplwaye APN yo », eksplike manm estrikti sendikal la, tout pandan yo mande otorite konsène yo pou yo aji pou mete lapè nan zòn ki antoure biwo APN yo sou Boulva Lasalin, si epa sa, sendikalis yo menase pou yo fè grèv pou fòse otorite yo satisfè revandikasyon yo.
Anplis de sa, prezidan sendika sa a, Wilfrid Saintilus, mete aksan sou nesesite pou rekonstwi pò ki nan sid kapital la, pò sa ki te pran gwo domaj lè tranblemanntè 12 janvye 2010 la.
Facebook Comments