Dodama, yon lòt fwa Asap Jexus pwouve l se yon fenomèn nan Trap

Revital Lynch
ParRevital Lynch
dodama, yon lòt fwa asap jexus pwouve l se yon fenomèn nan trap

Se an 2018 endistri mizik la te fè konesans tout bon ak Asap, nan gwoup G-Shytt ki te vrèman ap fè pale anpil, yon gwoup tou ki te chofe motè Trap la pou mennen l kote l ye jounen jodi a. E Asap se sitou atis ki plis ekspoze nan gwoup sa, jis koulye a.

Sa gen plis pase 6 lane depi Asap ap pwouve konpetans li nan koze fè it, fè siksè nan trap. Premye sa n te dekouvri a se Balèn bouji, yon mizik ki sanble tankou de gout dlo ak Bad and Boujee gwoup Migos, yon gwoup Hip Hop ameriken ki sòti Atlanta (Lawrenceville, Georgia) te sòti nan mwa oktob 2016. Se vre te gen yon gwo moman silans men Asap ta pral tounen sou sèn lan ak menm fòs la lè n te sòti Defans elefan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Fason atis la jere tèks mizik li yo ede l demake l pami anpil lòt trapè, li souvan mete koze ki fè jèn nan jenerasyon sa, fi kou gason, pran plezi nan koute mizik li yo, e menm rive fè challenge ak yo sou rezo TikTok la. Se yon lòt gwo fòs pou atis la paske sa ede mizik li yo fè plis siksè.

Malgre jounen jodi a pa gen anpil moun ki konn kiyès Asap ye toutbon, sinon yon trapè ki antre nan mizik pandan adolesans li, ak 16 lane sèlman, pou koulye a li gen 24 lane. Yon eleman trè biza nan fason l abiye epi kap pwodui yon seri mizik ki pa sispann rive sou jenerasyon sa.

Se konsa nan mwa pase a, atis la sòti Dodama, yon tit kap fè chimen l nan lari a. Chofè moto, pwogram bòdègèt, kawach, ti sourit, dj, bredjenn ak anpil dodama pa sispann tande mizik la.

Pafwa ou pa menm anvi koute l, men li tèlman woule nan vwazinaj ou, pawòl yo rete nan tèt ou e si w pa fè prekosyon ou ka rantre nan biwo kote wap travay la ou tonbe chante : Madoda cheri di m sa w genyen ? Si nap onèt mizik la pa gen anyen serye ki di ladan l, sinon kèk pawòl ki montre mòd vi medam madoda yo oubyen dodama yo genyen.

Nap raple mo madoda a souvan sèvi pou deziyen medam madivin yo oubyen lesbyèn.

Asap rive jwenn yon fòmil ki mache pou li, nap suiv fason li te byen delivre nan pwogram Ayra Starr la, menm si temwayaj yo lese kwè se sèl atis etranje a ki te pi mal pase ak yon pèfòmans playback, men atis trap la te vire bagay yo anndan an sitou ak Dodama ki te tankou yon im nan bouch anpil nan moun ki te vin nan El Rancho.

Jwenn yon bn fòmil se youn, koulye a nap mande èske Asap ap ka kenbe nivo a, nou konnen kijan mache a ye, se toujou plis lanmou men lajan an pap janm plis ke sa. Yon kòlèg nan yon refleksyon te fè konprann si atis la tap evolye nan yon lòt endistri li tap gentan rantre anpil lajan ak mizik li yo. Menm si yo san sans men yo konsome yo trè byen.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pandan nap tann videyo mizik la, ki deja nan wout, paske sous nou enfòme nou se KB Flash, yon jèn reyalizatè kap travay li, nou ka kontinye di Asap ap pwouve l kòm youn nan trapè ki mete tandans lan nan yon lòt dimansyon.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Ray est un jeune web entrepreneur et journaliste évoluant dans le monde du multimédia. Il est un passionné de la technologie et de ses sciences connexes.