Dola ameriken an pral disponib beynto, daprè Gouvènè BRH la

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
dola ameriken an pral disponib beynto, daprè gouvènè brh la

Sou rezo sosyal yo, imaj fanm toutouni ki prezan nan sikisal bank yo ap sikile anpil. Moun sa yo se kliyan ki fache akoz bank yo refize reponn ak demann yo ki se retire dola ameriken sou kont yo. Se sak fè, fas ak sitiyasyon sila a, Jean Baden Dubois, ki se Gouvènè Bank Repiblik d Ayiti a (BRH) fè konnen sou Magik9, biyè vèt la pral disponib byento nan bank yo.

Vrèman vre, li okouran de sa ki ka rive nan jou k ap vini yo nan bank yo akoz dola ameriken yo pa vle bay kliyan yo, Jean Baden Dubois, gouvènè bank santral la ap eseye kreye yon espwa nan mitan moun sa yo nan lide pou li kalme lespri yo, lè l fè konnen dola ameriken an pral disponib byento nan peyi a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Nou konsyan de pwoblèm nan. Nou konnen bank yo trè konsène. Se nòmal, nou te resevwa korespondans nan men Asosyasyon Pwofesyonèl Bank yo (APB) », te fè konnen mesye Dubois sou Magik9 nan fen wiken lan, tout pandan li di  » nou pran dispozisyon pou nou entèveni. Konpayi nou te konn trete ak li pou transpò biyè yo te deside sispann operasyon li paske asirans li pa kouvri ankò pou vwayaj li an Ayiti kote zak ensekirite a ap ravaje nan peyi a ».

Se sak fè , gouvènè enstitisyon bankyè a te fè konnen yo te chèche lòt fason pou yo pote lajan kach, epi yo te gen diskisyon ak diferan antite pou jwenn yon solisyon ak pwoblèm sila a, konsa pou dola ameriken an kapab disponib byento nan bank yo.

N ap raple, depi kèk jou anpil moun ki gen kòb ameriken nan Bank ap fè fas ak gwo tèt chaje, lè pou yo retire lajan yo. Pou anpil moun ki gen kòb yo Labank, yo paka retire plis pase 100 dola ameriken.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.