« Lakay Nou » si w Miami pa rate aktivite sa, 29 avril 2023

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
lakay nou si w miami pa rate aktivite sa, 29 avril 2023

Nan okazyon selebrasyon fèt agrikilti ak travay ki dwe selebre 1ye me k ap vini la a, estaff Tele Pam nan ak estaf BPX TV RESEAU a vle make moman sa a nan fason pa yo jou k ap 29 avril 2023 a, aktivite sa ap òganize nan lakou Miami espesyalman nan Griffing Park… Pandan tout semèn nan jan nou ka remake l sou tout rezo sosyal yo, « Lakay Nou » ap ofisyèlman lanse 1ye edisyon fwa kiltirèl li nan peyi Tonton Sam ane sa, anpil atis ayisyen ap gen pou bay prestasyon yo.

Premye edisyon aktivite kiltirèl sa ap fèt nan sousi pou Ayisyen yo k ap viv nan peyi Etazini pran bon jan plezi yo te konn abitye pran an Ayiti anvan sitiyasyon malatchyong sa k ap fè pale de li san rete a. Malgre aktivite kiltirèl yo ki sanse diminye an Ayiti, kominote dyaspora a gras ak kreyativite ekip Tele Pam nan ki se yon platfòm medya anliy, an konivans ak BPX TV RESEAU, kole tèt yo ansanm pou ofri yon aktivite grandyoz nan Griffing Park ki chita kòl nan  » Ne 123 Street and, W Dixit HWY North Miami, Fl 33161″. Kote gen yon pleyad atis ayisyen renmen danse k ap gen pou kreye anbyans pandan moman sa a.

Aktivite a se gratis ti cheri,  » Nou fèl gratis paske nou vle entegre Ayisyen parèy nou yo plis nan anbyans lan, epi ekip la te jije premye lanse a se gratis pou n fè l pou ide a reyisi jan nou espere l la. » te deklare Marcelin J. Pou atis k ap la pou anbeli pwogramasyon an, nou kapab remake nan afich la DiSip, Fatima, Eddy Boukman Eksperyans, Rara Lakay ak anpil lòt ankò mete sou gwoup dans ki deja konfime prezans yo… Se Sony Bèl Anfòm avèk Marcelin J alyas One k ap gen pou asire animasyon an.

Pou ane k ap vini yo 2 ekip òganizatè yo swete kontinye aktivite a an Ayiti, kote plizyè konpatriyòt ap gen pou ekspoze manje kreyòl ak bwason lakay, toujou nan lide pou fè pwomosyon pou valè ak resous nasyonal yo. « Nou swete fè l Channmas, pou plizyè moun soti nan plizyè pwovens pou vin ekspoze epi vann sa andeyò lakay yo genyen kòm manje ki 100% Ayisyen » te kontinye responsab Tele Pam nan.

Li enpòtan pou n raple, ou pa bezwen yon pyès monnen pou w vin pran plezi w kòmsadwa nan aktivite sila a, aktivite a ap kòmanse nan lè 2è aprè midi.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.