Kijan yon gason ka evite « boujou pwèl » nan yon relasyon seksyèl ?

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
kijan yon gason ka evite boujou pwèl nan yon relasyon seksyèl

Pou anpil gason yon rapò seksyèl se yon konpetisyon, kote li dwe byen pase, sa ki konn mete anpil presyon sou gason an. Konsa gen pou lòt, relasyon seksyèl se yon moman ki agreyab, yon moman pou 2 moun yo epanouyi yo epi pèmèt chak moun jwi epi jwenn bon jan ògasm. Men sa konn rive presyon ak estrès telman anpil bò kote gason an, li pa menn fè yon minit, yon fenomèn espesyalman lasante rele « bonjou pwèl » ou byen « bèk atè ». Yon sitiyasyon ki imilyan pou gason an, ki fè l santi l enpwisan. Kijan yon gason kapab konbat fenomèn : « boujou pwèl la »?

Fenomèn « bonjou pwèl la » se yon bagay ki tabou nan sosyete asyisyen menm jan ak anpil lòt sosyete. Dapre yon ankèt kèk etidyan nan fakilte Etnolojii reyalize nan zòn metropolitèn nan, 60 % gason fè konnen koze « Bonjou pwèl » la rive yo deja, sijè sa yo soti nan 23 ak 37 lane. Yon lòt bò, gen yon etid ki fèt nan peyi Lafrans, yo jwenn plis pase 71% gason soufri pwoblèm sa menn lè se yon fwa nan vi yo. Kijan yon gason kapap jere ejalikilasyon avan lè, kisa ki lakoz? ki trètman ki ka konbat fenomèn sa?

Kisa « boujou pwèl la ye » ?

« Boujou pwèl » oubyen « bèk atè » se yon pataloji ki afekte 20 ak 30% gason. Se lè yon gason vle dire nan rapò seksyèl li epi li ejalikile san l poko menm fè penetrasyon. Fenomèn sa kapab gen enpak negatif sou lavi seksyèl yon koup, mete fristrasyon ak laperèz nan entimite 2 moun yo ak relasyon yo.

Kisa ki ka lakoz yon gason ejalikile vit ?

Se yon bagay ki nòmal pou gason ejalikile rapid, se sa ki rele reflèks repwodiksyon an, se menn jan sa ye kay mamnifè yo. Men pou moun, yo gen kapasite pou yo kontwole reflèks sa. « boujou pwèl » se pa yon pwoblèm fizyolojik men koz yo konn anpil. Byen souvan, yo konn plis sikolojik pase byolojik.

Men koz sikolojik « boujou pwèl la » :

  • Presyon pou yon bon pèfomans seksyèl
  • Pwoblèm relasyon an
  • Mank konfyans ak estim
  • Twomatis ak kèk evenman pase

Men koz byolojik « bonjou pwèl la » :

  • Paka bande
  • Pwoblèm pwostat
  • Pwoblèm òmonal

Kijan yon moun kapab trete koze « bèk atè a » ?

Pou yon gason rive trete koze ejakilasyon rapid la, gen 3 posibilite : terapi konpòtemantal ak terapi ak medikaman epi trètman natirèl.

Terapi konpòtemantal

Moun ki ap afwonte yon difikilte parèy kapab wè yon sikològ, ki ap kapab ede fè terapi a. Men kisa moun nan ka fè :

  • Stop and go, se lè gason an kòmanse penetrasyon an, li santi l ap eksite, byen rapid li kanpe epi l rekòmanse, chak li santi l pral vini li kanpe epi l rekòmanse.
  • Yon lòt teknik, gason ap konsantre venn ki anba peni li an chak fwa li santi l anvi ejalikile.
  • Gason an kapab respire a fon lè l santi l pral ejalikile
  • Fè ekzesis fizik souvan se yon opsyon ki enpòtan.

Teknik sa yo kapab fèt pi byen lè gen bon jan kominikasyon ant 2 moun ki konsène yo.

Terapi ak medijaman

Sijè a kapab itilize yon anestezi lokal ki pou fe l pa ejalikile vit.

Yon jèl oubyen yon spray ki gen lidakayin ou prilokayin.

Trètman natirèl

Gen gason ki tenwanye yo konn itilize kèk remèd granmoun pou konbat fenomèn sa, tankou bwè bwa kochon ak lyann bande, grenadya, elatriye.

Pou plis enfòmasyon, yon gason ki ap fè bèk atè san rete kapab al wè yon medsen, yon seksològ oubyen yon sikològ.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article