Dominiken ap fè kado poul sou fwontyè a pou evite yo fè gwo defisi

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
dominiken ap fè kado poul sou fwontyè a pou evite yo fè gwo defisi

Sitiyasyon an kòmanse pran yon lòt nivo kay vwazen, nan Repiblik dominikèn, pi presizeman sou fwontyè li ak peyi Dayiti. Plizyè kòmèsan dominiken lage nan fè kado poul pa pil ak pa pakèt akòz komès ki te gen sou fwontyè ant 2 peyi yo sispann depi plis pase yon semèn.

Wi, pou kounya nan zòn Dajabón se poul k ap fè kado. Pi fò komèsan ak pwodiktè yo blije fè sa akòz yo pa gen lajan pou nouri yo, yo kòmanse mouri.

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Nou pèdi plizyè milyon dola”, se te deklarasyon youn nan yo bay kotidyen espanyòl EFE. Tomás Liberato esplike : « Nou te konn vann Ayisyen yo kredi nan lòt bò fwontyè a pou 2 jou. Men, depi Dajabón fèmen an akòz konfli kanal la, nou pa menm rive rekipere lajan sila tou ».

Konsa tou, komèsan etale kantite defisi k ap fèt sou kèk pwodwi mache ayisyen an te konn achte pou pwòp konsomasyon li. Tout pwodwi sa yo ret ap gate an Repiblik dominikèn. Menm si Prezidan peyi a, Luis Abinader te anonse l ap achte pwodwi nan men komèsan yo, sitou ze, pou l te ka founi plizyè pwogram sosyal ak sila ki pi fèb yo, anyen pa frennen defisi yo.

N ap raple, chèf Leta dominiken an te bay lòd pou fwontyè a fèmen nèt avèk Ayiti apati 15 septanm, nan lide pou te bay yon repons ak konstriksyon kanal irigasyon pèp Wanament lan tanmen sou fwontyè a pou kapte dlo nan rivyè Masak la. Dlo sila se 2 teritwa yo ki pataje li. Depi lè sa a tout bagay bloke depi le 16 septanm e jiskaprezan konsekans ekonomik yo ap pi plis pou Sendomeng.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.