Dominiken yo gen entansyon mete Machin disponib pou depote Ayisyen 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
dominiken yo gen entansyon mete machin disponib pou depote ayisyen 

Nan Repiblik Dominikèn, Konfederasyon Nasyonal Òganizasyon Transpò yo (CONATRA) fè konnen manm afilye li yo mete bis yo nan 32 pwovens peyi a disponib pou Direksyon Migrasyon apati lendi 5 septanm sa a, nan kad depòtasyon mas ayisyen k ap viv nan Repiblik Dominikèn pou yo voye yo nan peyi orijin yo. Daprè medya dominiken El Nuevo Diario. 

Daprè medya dominiken El Nuevo Diario a, peyi vwazen an prevwa depòte anpil sitwayen Ayisyen ki ap viv Repiblik Dominikèn, avan ane 2022 a fini. Kòm rezilta, asosyasyon transpò piblik dominiken yo pwopoze jwe wòl pa yo. Se nan sans sa, Konfederasyon Nasyonal Òganizasyon Transpò yo (CONATRA) ofri sèvis transpòtè ki afilye ak CONATRA pou depòte sitwayen ayisyen ki pa respekte nòm migratwa ki tabli sou teritwa peyi dominiken an.   

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pòtpawòl CONATRA a sigjere Direktè Migrasyon an pou li nonmen yon koòdonatè pwovens estrikti, pou pèmèt mas depòtasyon sa yo ka kowòdone yon fason ki efikas. 

Li di tou operasyon depòtasyon an mas ayisyen yo, ta ka pwolonje pou rès ane sa a e apati lendi 5 septanm ki sot pase a si Migrasyon an pran mezi a.  

« Se yon dispozisyon ki gen sipò Prezidan Luis Abinader ak prezidan CONATRA a paske tou 2 eksprime enkyetid yo konsènan nivo envazyon lapè nasyon dominiken an te sibi pandan ven dènye ane yo, pa sitwayen ayisyen yo », se sa pòtpawòl CONATRA a, Antonio Marte fè konnen. 

Jounal la fè remake tou Mario Diaz mande Kou Siprèm Jistis Dominiken an pou l pase yon rezolisyon ki bay lòd pou transfere nan peyi Ayiti plis pase 2.000 sitwayen ayisyen ki nan prizon an Repiblik Dominikèn pou enfraksyon minè e ki pa gen okenn estati lwa imigrasyon, pou yo ka ale nan prizon epi jije nan pwòp peyi yo sètadi Ayiti. 

Men nan moman atik sa ap ekri a, gouvènman Ayisyen an poko di anyen sou sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.