The Voice Dominicana : Déborah Henristal kalifye pou eliminasyon dirèk

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
the voice dominicana déborah henristal kalifye pou knockouts yo 

Déborah Henristal, dorijin Ayisyen kalifye pou faz « Knockouts » nan konpetisyon The Voice Dominicana a dimanch 4 septanm lan,  Jenn chantè 19 lane a Déborah Henristal, kontinye fè fyète bikolò Ayisyen an atravè konkou chante entènasyonal la The Voice Dominicana. Apre li te fin atire atansyon kat jij prensipal konkou sila a pandan etap anvan yo, kote li te ranpòte yon final fas Lily Goodman. 

Dimanch 4 septanm lan, nan faz Las Batallas ki tradui (Batay yo) li te jwenn tikè kalifikasyon li pou « Knockouts » yo anfas Brayan ki te akonpnye l nan yon « Duo ». Avèk menm enèji pozitif la, li te tchyoule vokal li fas ak Bryan, nan yon mizik ki pote kòm tit « Talking to the Moon » Yon mizik Bruno Mars ekri, konkiran yo te rive touche sansasyon manm jiri yo aprè prestasyon yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Apre pèfòmans lan, prezantatè a felisite 2 talan yo epi vire mikwo a bay youn nan jij yo pou yo ka fè kòmantè epi chwazi yon gayan. « Ki sa mwen ka di sou Déborah ? Li te resevwa 110/100. Déborah se yon poto, »   konsa pèfòmans lan te fè antrenè li, Musicologo depale, pi lwen li te pwofite felisite Brayan pou pèfòmans li tou. 

Se te Musicologo ki te tou bay vèdik final la avèk anpil emosyon 2 atis yo ap tann ki non kap site…. « Ki moun ki genyen? Se Deborah! »  Antrenè Deborah a pat ezite aklame zetwal reggaton nan, epi kouri anbwase elèv li a pou felisite l’ 

Pandan evalyasyon li, antrenè Alex, bò kote pa l, di li te swete jwenn chans Musicologo a, plizyè antrenè te vle genyen jenn Ayisyen an nan ekip yo, men li te fè chwa Musicologo depi nan kòmansman konkou a, Musicologo te akonpaye tou R-Smith, yon lòt ayisyen ki te patisipe nan The Voice Dominicana a ane sa a. 

« Kounye a, nou gen kat lòt etap pou nou pase pou gran final la », Premye delarasyon li ak yon jounalis Loop Haïti News, yon lòt bò atis la mande pou tout moun kontinye sipòte l nan chak etap li pral gen pou fè fas nan konpetisyon sa a.  

Fòk nou raple tou, nan fen mwa dawout la, chantè Jean Ricard Smith, alyas R-Smith, kalifye tou pou faz « Knock-Out » la nan menm konpetisyon an. Yo tou 2 konte sou vòt chak Ayisyen pou yo ekri yon lòt paj anplis nan listwa nou. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.