Donald Trump koupab pou agresyon seksyèl

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
donald trump koupab pou agresyon seksyèl

Ansyen Prezidan ameriken an, Donald Trump, koupab pou abi seksyèl sou kwonikè Elizabeth Jean Carroll pandan lane 1990 yo. Donald Trump kondane pou l peye akize a 5 milyon dola daprè sa yon jiri nan Manhattan ki te gen sis manm deside ayè madi 9 me 2023 an.

Jounal Le Figaro rapòte, yon jiri New-York te jwenn Donald Trump koupab abi seksyèl sou kwonikè Jean Carroll nan lane 1996 ak difamasyon. Pandan tan sa, ansyen Lokatè Mezon Blanch lan te nye reyalite sa yo.

Se poutèt sa, Donald Trump ap oblije peye kwonikè a 2 milyon dola domaj enterè pou kou ak blese avèk prèske 3 milyon dola pou yon plent pou difamasyon aprè desizyon manm jiri yo ayè madi an.

N ap note, dosye sa poko fini paske avoka ansyen Prezidan ameriken an, Donald Trump, toujou kenbe espwa pou yo kapab voye jete desizyon tribinal sa a lè yo fè yon lòt apèl.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.