Sergio Busquets anonse l ap kite FC Barcelone nan fen sezon an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
sergio busquets anonse l ap kite fc barcelone nan fen sezon an

Nan yon videyo ki pibliye sou Instagram, mitan tèren espanyòl la, Sergio Busquets, anonse jodi mèkredi 10 me an l ap kite FC Barcelone aprè sezon an.

Aprè 15 sezon pwofesyonèl sou koulè klèb katalan an, Sergio Busquets anonse ofisyèlman fen long avanti sa avèk Blaugrana yo ki te kòmanse nan lane 2008 avèk ekip pwofesyonèl FC Barcelone lan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sou mayo blaugrana yo, Sergio Busquets ranpòte 31 twofe, pami yo 3 Lig dè Chanpyon, 8 chanpyona Espay, 7 Copa del Rey epi twa Koup Dimond klèb pandan 15 sezon li yo nan klèb katalan an.

« Mwen te toujou reve jwe avèk mayo sa ak nan Camp Nou an, men reyalite a depase tout rèv mwen yo », pawòl chanpyon dimond espanyòl la nan moman li t ap anonse desizyon sa.

Sergio Busquets se youn nan pilye jenerasyon lò Barcelone ki te genyen atakan ajanten an, Lionel Messi, mitan tèren espanyòl, Xavi ak Iniesta, san konte jwè tankou Carles Puyol ak Gérard Piqué.

Menm jan yo te fè pou Piqué an, klèb katalan an ap kapab rann Sergio Busquets yon gran omaj nan okazyon dènye match y ap gen pou jwe nan Liga a, 28 me k ap vini la, nan Camp Nou an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.